Showing posts with label #Violences. Show all posts
Showing posts with label #Violences. Show all posts

Saturday, December 6, 2014

AYITI: KISA OPERASYON BOUKINAFASO YE?


Operasyon Boukinafaso se yon operasyon violans ki gen pou objektif kraze peyi. Operasyon Boukinafaso se yon operasyon violans pou reyalize yon koudeta paske anakopopilis yo pè ale devan pèp pou mande yo vote yo nan eleksyon. Operasyon Boukinafaso se yon katastrof ekonomik pou malere ak malerèz kap degaje yo nan lari a. Men'm jan ak operasyon Bagadad, Operasyon Pakatan'n, Operasyon ke yo rele operasyon Boukinafaso rantre nan kategori operasyon kraze pèp e kraze peyi. 


Yo pran nou tout pou enbesil tankou Bouki nan bèso. Epok sa, sa vle di fen mwa Novamb e debi mwa Desamb, se lè ak moman ke moun ki nan diaspora ap ranje ko yo pou yo vizite peyi dayiti pou epok fèt yo. Nan epok sa diaspora depanse 300 milyon dola nan peyi a nan lotèl, nan achte manje, achte kado e fè woulman ak fanmi yo. Jodia lè MOPOD ak Lavalas voye signal ke yap kraze e boule peyi, lè yo voye mesaj violans sa yo, yo voye yon mesaj klè pou di moun ki nan diaspora a rete kote nou ye a pa vin depanse lajan nan peyi a.

Kidonk Operasyon Boukinafaso voye yon mesaj klè nan kraze biznis ak woulman ti machann, nan pete fyèl malere ak malerèz kap degaje yo nan lari a. Operasyon Boukinafaso fè ti machann yo ak malere kap travay pèdi lajan paske gen mwens moun kap achte e depanse nan lari a. Etranje ki te planifye pou vini depanse Ayiti pou fèt yo pap mete pye. Yon lot fwa operasyon Boukinafaso ap kraze ekonomi peyi a. Akoz de operasyon Boukinafaso peyi a pèdi onivo entènn plis pase 350 milyon dola. Nou pap pale de lajan meriken ki stoke e kapral lot kote akoz de ensekirite e violans anakopopilis yo. Etranje ki te gen lide vini pou envesti nan peyi dayiti kanpe lwen akoz de violans anakopopilis yo. Operasyon Boukinafaso se yon krim ekonomik e politik anakopopilis ki pè eleksyon kont ti machan, malerèz ak malere kap degaje yo. Operasyon Boukinafaso se yon operasyon kap kraze pèp e kap mete plis moun nan mizè. Operasyon Boukinafaso se yon katastrof ekonomik ke anakopopilis yo pote pou pep la kom kado nwèl. Sanble ke doktè Aristide se nan operasyon violans sa yo sèlman ke li bon. Qui dit le contraire?

Thursday, November 20, 2014

Rapò sou violans ki fèt nan manifestasyon 18 Novamb 2014 peyi Dayiti


Opozisyon radikal peyi dayiti ki genyen ladanl MOPOD ak Fanmi Lavalas, des moun ki kwè nan violans, deside pou yo te oganize yon manifestasyon jou ki te 18 Novamb lan kont gouvènman Prezidan Michel Mateli. Anvan manifestasyon sa te oganize te genyen nouvèl ki tap sikile nan lari Potoprens ki te fè konnen ke gen mamb Fanmi Lavalas ta pral tire sou manifestasyon sa pou fè san koule e mete sa sou do gouvènman Mateli a. Se pa premye fwa ke Lavalas fèsa. Nou sonje majò jon lavalas yo te lage yon bomb nan Petion Ville 5 Desamb 1990 e yo te di ke se gouvènman an ki te lagel. Se dirijan Fanmi Lavalas tou ki touye 20 militan OKAP e se yo ki touye yon militan ki rele Paul Ambroise alias Ti Kotton epi yo di ke se lòt mou. Pou koute temwanaj sou sa, teke la: https://soundcloud.com/studio21fm/revelations-euvonie-georges-auguste-responsable-national-de-fanmi-lavalas-execute-20-militants 

Mesye Lavalas sa yo toujou bezwen kadav ak san kid we koule pou fè kapital politik yo. Dwazimen ak jounalis ki zanmi yo sere kòze sa yo. Jou manifestasyon 18 Novamb lan genyen gwo violans ki pete nan lari a kote genyen 3 moun ki pran bal. Temwen ki te la idantifye depite Arnel Belizè ak kèk nèg ki te genyen mayo wouj sou yo kòm moun ki responsab fiziyad sa kifèt sou manifestan yo. Lè nouvèl sa pran lari Depite Arnel Belizè  ki te panike kouri monte sou radyo Metropole kote li demanti nouvèl la e li di ke se pa limenm ki tire sou manifestan yo. Depite Belizè di ke se sekirite palman ki te gen mayo wouj sou yo ki tire sou manifestan yo. Men lè ou analize deklarasyon Depite a ou wè ke lap bay manti. Pou verifye repòtaj sa ke radyo metropole reyalize sou violans sa yo ak deklarasyon ke Depite Arnel Belizè te fè mwen envitew teke la: http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=25356  

Ankèt ke nou fè e foto ke nou jwen demontre ke depite Arnel Belizè a bay manti. Limenm ak tout ekip mayo-brasa wouj yo te ansamb. Nan ekip brasa wouj sa te genyen Depite Arnel Belizè ki te genyen nan men li yon gwo zam fanfwa, a kote li ou jwen Senatè John Joel Joseph ak yon pakèt chimè violan ki genyen mayo wouj sou yo ak gwo zam nan men yo. Se yo ki te dèyè violans sa yo. Se chimè a mayo wouj sa yo ke pèp la ki tap gade idantifye kom moun ki tap tire sou manifestan yo.  Chimè ki tap tire sou manifestan yo e ki te genyen mayo wouj sou yo soti nan yon oganizasyon ki rele MOPAM. Pou kreye divèsyon Depite Arnel Belizè kouri rele mennaj li ki Nouyok, Tina Lorquet ki se chèf pwopagand kap fè manti pou yo. Yo mande Tina kouri pibliye ke se lapolis ak nèg ki soti palè nasyonal ki tap tire sou manifestan yo. Nou sonje ke se pa premye fwa ke peyi a kenbe Arnel Belizè nan zafè violans politik. Li patisipe omwen nan 4 zak malonèt konsa. Senatè John Joel limenm se ansyen chofè Amaral Duclona e misye te nan operasyon Pakatann, operasyon Bagdad 1 e 2 ki touye 108 polisye ak plis pase 2000 kretyen vivan. Lavi mesye sa yo chita sou violans. Depi plis pase 20 lane violans politik fè pati de filozofi Lavalas la. Mezanmi men kèk foto manifestasyon an pou apiye sak sòt di la.