Wednesday, July 15, 2015

Detay sou koman koudeta elektoral Pierre Louis Opont ap vanse

Tout moun konnen ke Pierre Louis Opont, senk lot mamb nan KEP a ak direktè ekzekitif la ap prepare yon koudeta elektoral. Yo gentan mete sou papye nom moun pa yo ke yo pral nonmen kom depite e kom senatè. Premye faz koudeta komanse ak komisyon prezidansyèl la an desamb 2014 ki bay anakopopilis yo kontwol KEP a ak gouvènman an. Yo rive fè faz sa ateri apre 36 mwa aktivite fabrikasyon pwopagand politik manti kifèt ak sipo kèk radyo e jounalis ki kreye yon anviwonman ki fasilite manifestasyon ak grèv violans. Nou sonje fabrikasyon paspo etranje pou Martelly, fabrikasyon pwazon nan wisky pou jij Jean Serge Joseph, nou sonje tou fabrikasyon lajan petrokaribe ki disparèt elatrye. Jis jodia pa gen senkob pwèv pou oken nan akiasyon sa yo. Tout bagay sa yo sete manti ke anakopopilis yo tap fabrike pou yo pran kontwol gouvènman an sa yo pa ale nan eleksyon e pou yo te pran kontwol KEP a.Safèt ak sipo ekip Tout Haiti, Edens Desbas youn nan fondatè platfom pitit dessalines ki rele tèt li jounalis. Manti sa yo ak lajan ki to soti senadomeng ke anakopopilis yo pran nan men gwoup de boudon fasilite oganizasyon manifestasyon violans nan lari potoprens. Apre sa yo mete grèv sou grèv ki te chita sou violans e entimidasyon kont sitwayen ki pat dako. Pandan satapfèt yo te bloke tou eleksyon avèk èd 5 senatè anakopopilis ki te bloke sena a pandan 215 jou paske yo pat bay quorum pou lwa elektoral pat kapab vote. Anakopopilis yo tal esaye mete tou prezidan Martelly atè nan yon jefo akizasyon nan sena a ki te chita sou manti ke yo te fabrike nan zafè lanmo jij Jean Serge Joseph. Tantativ koudeta sa pat reyisi. Violans sa yo fè rekonstriksyon peyi a kanpe e ekonomi peyi a pèdi 800 milyon dola ameriken. Se zak violans sa yo ki pèmèt ke anakopopilis yo san yo pa ale nan eleksyon pran kontwol gouvènman an ak KEP a. MINUSTAH ede yo ampil nan jefo sa yo kote yo te fèmen je yo sou violans sa yo soti 2012 rive 2014. MINUSTAH pat tolere oken violans soti 2004 pou rive 2006. Kompotman sa fè ke ampil aktè politik kompran ke MINUSTAH ap mache ak Aristide. Depi anakopopilis yo pran kontwol gouvènman an yo detounen tout lajan ki tap fè pwojè pou pèp la. Se sakfè tout pwojè yo bloke paske yap volè lajan leta. Dosye sendomeng mal jere, pwogwam sosyal ki te abitye ede pèp la kampe, menm paspo pa kapab delivre. Plis pase 1500 pwojè ke Lamothe tap jere nampe. Se sèl pwojè kote Lamothe te gentan peye kompayi konstriksyon yo tankou kou kasasyon, plas Occide Jeanty elatrye ki fini. Lè yap poze gouvènman Paul la kesyon poukisa ke pwojè yo kampe aloske lajan pou fè yo la. zo nan bouche fè ke yo pa kapab repon. 

Dezyèm faz koudeta a anklanche apre enstalasyon yon KEP ke anakopopilis yo kontwole. KEP anakopopilis la gen nan tèt li Pierre Louis Opont yon nèg ki te nan volè eleksyon ak Gaillot Dorsenvil an 2010. Lè sa Opont te direktè jeneral. Gaillot ak Opont te vle mete Jude Celestin Prezidan peyi dayiti. Kom pèp la te leve kanpe Gaillot ak Opont te sètoblije al kache e rale yon bak sou pati sa nan koudeta elektoral ke yo tap ekzekite pou Preval, Inite ak Gwoup de boudon. Gwoup de boudon se yon mafya ekonomik kap peze souse ekonomi peyi a, monopolize byen, kontra ak lajan leta e kenbe ayisien nan mizè. Malgre ke yo pat kapab volè eleksyon pou prezidan, Gaillot ak Opont te reyisi volè plis pase 40 pos depite e 4 pos senatè. Yo mete apeprè 49 eli nan palman an ki pat pase nan eleksyon 2010 yo. Nou pap menm pale zak koripsyon ki te fè pakè konvoke mesye sa yo. Jodia a Opont retounen ak senk lot atoufè andedan KEP a pou vini volè eleksyon pou anakopopilis yo. Ou wè pati pri mesye sa yo ak jefo pou volè eleksyon yo nan preparasyon dekrè elektoral la ki fè ke KEP sa se yon KEP makout ki pa rekonèt e respekte otorite pouvwa jidisyè a, KEP sa pa respekte lalwa e konstitisyon peyi dayiti. KEP makout sa vyole dwa sivil e politik yon pakèt sitwayen ki kandida pou Casec, Majistra, depite, senatè e prezidan. KEP sa se bayonèt, lalwa ak konstitisyon se papye. Ou pran sant koudeta elektoral la tankou ou pran sant manje ki sou chodyè nan enstalasyon direktè ekzekitif pa yo, nan nominasyon moun pa yo nan BED, BEC e BIV. Ou pran sant koudeta elektoral sa nan jan ke Opont ak mamb anakopopilis KEP sa sèvi ak dechaj e doub nasyonalite pou elimine a travè kanè yon pakèt kandida pou depite, senatè ak prezidan paske yo popilè. Kelkeswa jan ou virel ou analize chak etap pwosesis elektoral sa, ou konstate ke administrasyon eleksyon sa gen moun pa, li geyen tou ampil fos kote e pati pri. Genyen ampil kandida, aktè ak pati politik, sosyete sivil, jounalis, diaspora ki wè klèman ke se yon koudeta elektoral kap pare. Lè yo mande KEP a fè yon chita pou reevalye kalandrye ak pwosesis elektoral la, brid sou kou Opont kouri louvri kanpay elektoral la. Lè Opont ak makout KEP yo fèsa se yon fason pou bloke tout evalyasyon pwosesis e kalandrye elektoral la. Sa vle di tèt dwat koudeta elektoral. Men se yon fason tou, pou bloke pwotestasyon ki pral fèt nan chwa sipèvizè elektoral yo e mamb biwo de vot yo. Nou sonje koman Opont lè li te direktè jeneral te sèvi ak sipèvizè sa yo pou volè eleksyon an 2009 e 2010. Kom tout moun dekouvri ke se yon koudeta elektoral ke Opont, Marie Carmelle Austin, Nehemie Joseph, Jacceus Joseph elatrye ap prepare pou Rene Preval ak Gwoup de Boudon,  pou retire presyon sou yo, volè KEP yo pran poz ke yo genyen menas sekiritè ki pandye sou tèt yo. Teat sa te komanse ak Nehemie Joseph ki di ke li jwen enfomasyon ke kandida ke li ekate pou rezon politik peye yon atoufè pou asasine li. Lè kandida sa yo rele Nehemie lajistis pou li bay detay sou sa, Nehemie nan mawon paske li konnen ke se manti ke li te bay jounalis yo. Apre sa se Jacceus Josep kal fè menm montaj sa nan laprès ke li menase. Lè yo mande Jacceus detay sou sa e ki kote li jwen enfomasyon sa yo Jacceus Joseph nan mawon. Dènye montaj la se Pierre Louis Opont ki fèl. Opont te kache nan yon chamb lotèl Petion Ville ak yon ti mennaj ke li geyen ki rele Yanick. Pandan ke Opont tap teleuleu e relax ak mennaj sa, li fè kouri bwui ke li mouri. Apre sa li parèt pou di ke se moun ki vle entimidel e ki fè kouri bwui sa yo aloske ke se Opont menm ki kreye divèsyon sa pou retire presyon sou li paske tout moun wè ke li pral volè eleksyon pou Preval ak Gwoup de Boudon. Li klè pou tout moun ke koudeta elektoral sa ap echwe. 

Moun kap prepare koudeta elektoral sa tèlman wè ke yo pran nan mera ke yo esaye bay presyon pou jwen sipo entènasyonal pou koudeta elektoral sa. Yo fè Opont al pale sou vizyon 2000 e atake chèf de kabinè madan Hillary Clinton ki rele Cheryl Mills. Lè Opont di ke se Cheryl ki chanje e empoze rezilta eleksyon 2010 yo, se yon mesaj sa ke ekip sa voye bay madan Clinton pou di li ke si ou pa ede nou nan koudeta sa nap barou pwoblèm nan kanpay elektoral pa'w pou prezidan etazini. Genyen tou lot divèsyon kapfèt tou. Mesye pitit Dessalines yo wè ke yopa sou lis 3 moun ke Preval ak Gwoup de boudon prepare kom moun ke yo kapab chwazi kom Prezidan. Pou pete koken, yo kreye yon email pou di ke yo retire Moise Jean Charles nan pwosesis elektoral la. Objektif la se pou fè Moise pase pou yon viktim paske yo wè koudeta la pa pou yo e yo pral echwe. Yo pa vle ke Moise parèt anko tankou moun ki fè pati de koudeta elektoral la. Lè ou analize fo email sa ke swadizan se KEP a ki voyel pou elimine Moise Jean Charles ou jwen ke se yon mamb platfom pitit Dessalines ki rele Edens Desbas ki chita nan nouyok e ki pran poz jounalis ki fabrike email sa. Si ou gade IP email sa, wap jwen ke se menm odinatè ke plizyè alias ke Edens Desbas genyen tankou Henry Dupiton itilize. Genyen ampil anakopopilis yo ki komanse rale ko yo sou koudeta elektoral la paske yo wè ke nom yo pa su list e koudeta elektoral la pral echwe. Menm Francky Exius ki te kompran li bon dekouvri ke nom pa li pa sou list final ke mesye yo prepare. Exius komanse voye pye. Anplis desa genyen yon pati nan sosyete sivil la ki gen Rosny Desroches ladanl kap patisipe e apiye koudeta elektoral la. Wol yo se pou lè koudeta elektoral la finn fèt yo pral di kom obsèvasyon elektoral nasyonal ke tout bagay byen pase e ke eleksyon-seleksyon an akseptab e respekte nom entènasyonal yo. KEP koupyon sa pral lage peyi nan lobèy e pral kreye yon katastrof politik. Pèson pa konnen kijan peyi dayiti pral soti ladanl. Twaka kandida yo, lidè ak pati politik yo ap prepare revolt jeneral kont koudeta elektoral sa. Si anyen pafèt prese prese pou korije bagay sa yo peyi a pran. Kiyès ki ka ede fè koreksyon sa yo pou ampeche katchouboumbe politik sa fèt? OEA te nan ede Preval volè eleksyon ak Seintefus an 2010 pèdi ampil kredibilite. Seintefus sete yom mamb platfom Inite an 2010 e fanatik Preval. Madan Sandra Honore ki nan tèt MINUSTAH jodia, yo di nan lari a ke se ak Aristide ke lap mache. Bagay yo pral rèd si anyen pafèt. Anatandan Opont ak lot mamb KEP koupyon, yo menm se tèt dwat koudeta elektoral.

Saturday, July 11, 2015

Sendomeng: Pozisyon iresponsab Edwin Paraison, Rene Julien ak Ives Marie Channel nan Ranmasse 11 Jiyè 2015

Safè mwen lapenn lè mwen tande Ives Marie Channel, Edwin Paraison ak Rene Julien kap diskite de Sendomeng nan Ranmasse. Mesye sa yo tèlman rayi Martelly ke yo bliye ke yap diskite de yon sijè ki reprezante enterè nasyonal peyi a. Edwin Paraison soti lèd ampil semenn sa lè ambasadè Dominiken nan OEA sèvi ak pawol Edwin Paraison e Daniel Supplice pou sal peyi Dayiti. Bagay sa te lèd ampil. Lè safèt Edwin Paraison ansamb ak Daniel Supplice parèt tankou konze. Maten nan ranmasse olye Paraison pale kijan ke nou dwe travay ansamb pou fè fas a menas sa, Paraison, Channel ak Julien ap kritike Ayisien parèy yo. Dominiken yo pafèsa. Dominiken ki nan sektè prive, nan gouvènman, palman, opozisyon, laprès e sosyete sivil travay ansamb nan politik mete pye sou kou ayiti. Dominiken pa kritike Dominiken lè yap pal sou Ayiti. Dominiken kore Dominiken lè pou mete pye sou kou Ayiti. Safè mal pou wè ke se Ayisien tankou Edwin Paraison kap bay Ayisien parèy yo kou nan do ki nan avantaj Dominiken yo.  Edwin Paraison dwe sispan bay peyi Dayiti kou nan do nan vye deklarasyon pou defan enterè pèsonèl li olye li pale pou ranfose peyi Dayti. Edwin Paraison kontinye sal peyi Dayiti nan prese pale de eshèk diplomasi peyi dayiti. Si gen eshèk poukisa Dominiken yo aladefansiv nan OEA e nan CARICOM? La anko Edwin Paraison ap bay peyi a kou nan do. Prezans Edwin Paraison maten an 11 Jiyè nan Ranmasse se paske tout moun dekouvri ke lap bay peyi Dayiti kou nan do e pèson pa dako ak pozisyon ke lap pran pou sal peyi Dayiti. Paraison di ke ekzekitif Dominiken an pat okouran ke yo tap voye Ayisien tounen e ke se lame Dominiken ki responsab. Yon lot deklarasyon pou ede Dominiken yo. Edwin Paraison di ke Dominiken yo te prepare men noumenm Ayisien nou tap prepare. Pou Edwin Paraison Ayiti an tort. Edwin pa pran nou pou embesil tande.