Saturday, July 11, 2015

Sendomeng: Pozisyon iresponsab Edwin Paraison, Rene Julien ak Ives Marie Channel nan Ranmasse 11 Jiyè 2015

Safè mwen lapenn lè mwen tande Ives Marie Channel, Edwin Paraison ak Rene Julien kap diskite de Sendomeng nan Ranmasse. Mesye sa yo tèlman rayi Martelly ke yo bliye ke yap diskite de yon sijè ki reprezante enterè nasyonal peyi a. Edwin Paraison soti lèd ampil semenn sa lè ambasadè Dominiken nan OEA sèvi ak pawol Edwin Paraison e Daniel Supplice pou sal peyi Dayiti. Bagay sa te lèd ampil. Lè safèt Edwin Paraison ansamb ak Daniel Supplice parèt tankou konze. Maten nan ranmasse olye Paraison pale kijan ke nou dwe travay ansamb pou fè fas a menas sa, Paraison, Channel ak Julien ap kritike Ayisien parèy yo. Dominiken yo pafèsa. Dominiken ki nan sektè prive, nan gouvènman, palman, opozisyon, laprès e sosyete sivil travay ansamb nan politik mete pye sou kou ayiti. Dominiken pa kritike Dominiken lè yap pal sou Ayiti. Dominiken kore Dominiken lè pou mete pye sou kou Ayiti. Safè mal pou wè ke se Ayisien tankou Edwin Paraison kap bay Ayisien parèy yo kou nan do ki nan avantaj Dominiken yo.  Edwin Paraison dwe sispan bay peyi Dayiti kou nan do nan vye deklarasyon pou defan enterè pèsonèl li olye li pale pou ranfose peyi Dayti. Edwin Paraison kontinye sal peyi Dayiti nan prese pale de eshèk diplomasi peyi dayiti. Si gen eshèk poukisa Dominiken yo aladefansiv nan OEA e nan CARICOM? La anko Edwin Paraison ap bay peyi a kou nan do. Prezans Edwin Paraison maten an 11 Jiyè nan Ranmasse se paske tout moun dekouvri ke lap bay peyi Dayiti kou nan do e pèson pa dako ak pozisyon ke lap pran pou sal peyi Dayiti. Paraison di ke ekzekitif Dominiken an pat okouran ke yo tap voye Ayisien tounen e ke se lame Dominiken ki responsab. Yon lot deklarasyon pou ede Dominiken yo. Edwin Paraison di ke Dominiken yo te prepare men noumenm Ayisien nou tap prepare. Pou Edwin Paraison Ayiti an tort. Edwin pa pran nou pou embesil tande.

No comments: