Jodia sou Delmas yon komando espesyal ke Aristide voye touye Oriel Jean. Kiyès ki Oriel Jean? Orièl Jean se ansyen chèf sekirite Aristide nan palè nasyonal. Se Orièl ki te responsab distribisyon zam palè nasyonal bay chimè yo lè Aristide te prezidan. Se li tou ki te kowòdone aktivite dwòg yo pou Jean Bertrand Aristide. DEA ki se oganizasyon ameriken kap goumen kont dwòg te debake nan peyi Dayiti e yo te arete Orièl Jean pou trafik dwòg. Lè lajistis Florida te mete men sou Orièl Jean li te mete anpil kakachat Aristide deyò nan tribinal Florida.

Aristide te fè touye ansyen gouvènè bank santral la Venel Joseph nan menm kondisyon paske li te vle kolabore ak lajistis Florida sou aktivite kriminèl Aristide yo. Aristide te fè fizye Venel Joseph yon jou anvan ke li te pati kite peyi a pou al temwaye devan lajistis Florida. Krim sa elimine yon gwo temwen nan kad travay ke lajistis tap fè an ayiti. Krim sa voye yon gwo signal ke kriminèl yo se mèt peyi dayiti.
No comments:
Post a Comment