Tuesday, December 8, 2015

Pou la dezyèm fwa Jude Celestin Chire!

Mwen pa konprann kijan yon enjenyè kreten konsa. Sanble menm chif enjenyè sa pa konprann. Mesye anakopopilis yo toujou panse panse ke se yo ki lalwa e ke yo kapab fè sa yo vle jan yo vle lè yo vle ak enstitisyon peyi a. Jude, Moise, Madistin te konpran ke sipo 3 jounalis tap sifi pou reyalize koudeta e mete yon gouvenman defakto de tranzisyon. Yo te byen kalkile men yo te mal konte. Konpotman Jude Celestin montre ke li pa respekte tèt li, Jude pa respekte pèp ayisien e li pa respekte enstitisyon peyi l. 

Jude Celestin pa respekte moun ki vote pou li 25 Oktob
Koman'w vle yon pèp vote'w 25 Oktob e li fè'w onè voye'w nan dezyèm tou nan yon eleksyon prezidansyèl epi ou pa men'm parèt louvri bouch pou di pèp sa mèsi? Depi 20 jou yo bay rezilta preliminè ak definitif Jude Celestin pa di anyen ak pèp la ki vote l 25 Oktob. Komsi moun ki te vote pou li se yon pakèt salopri. Nan Plato Santral, nan Okap, Nan Nip Nan Latibonit se gade yo gade yo wè Jude ap boule karochou Potoprens san li pa di pèp sa yo anyen.

Jude Celestin pa respekte enstitisyon peyi l 
KEP a voye envitasyon bay 2 kandida prezidan ki pase pou dezyèm tou a. Jovenel Moise repon. Li deplase al tande sa KEP te genyen pou dil. Jude Celestin pa mete pye. Mwen konpran ke li gen dwa pa dako ak KEP a men li te dwe deplase, repon a envitasyon sa e lè li soti bay yon konferans pou laprès pou bay pozisyon l e savonnen mamb KEP yo. Men lè li pa deplase, li manke enstitisyon peyil dega. Poutan Jude Celestin al chita nan reyinion ak Kenneth Merten ki gen pozisyon depaman avèk li. Merten li men'm li di tèt dwat dezyèm tou. Malgre Merten pa dako ak li Jude deplase kanmenm lal chita devan mesye blan pandan ke li pa respekte Ayisien parèy li. Sa pèmèt nou wè ki kalite lidè Jude Celestin ye.

KEP a deklare wè pa wè randevou 27 Desamb
Pandan ke Jude Celestin ap boule karochou nan Potoprens e Jovenel Moise ap mache a travè peyi e diaspora pou mande pèp la vot li, KEP a konfime ayè Lendi 7 Desamb ke lap travay tèt dwat pou dezyèm tou a fèt san fot 27 Desamb, pou tande detay yo teke la: http://www.voanouvel.com/content/article/3093414.html . 

Moise Jean Charles du aba Jude Celestin ki se sousou oligachi a
Moise Jeanchal bo kote pa li di ke Jude Celestin se yon ti sousou kap travay pou oligachi peyi Dayiti. Jean Charles deklare ke limen'm ak tout mamb Pitit Dessalines​ pap mache dèyè Jude Celestin men'm lè yo ta bayo tout sa yo mande, pou koute deklarasyon sa yo teke la: https://soundcloud.com/cyrus-sibert/moise-jean-charles-attaque-jude-celestin-et-ses-supporters-dans-la-presse 

Jefo pou Jude kraze KEP a pap reyisi. Dezyèm tou se 27 Desamb. Li pèdi anpil tan nan boule karochou nan Potoprens, pèp la vekse paske Jude pa di mèsi pou vot premye tou aloske Jovenel Moise nèg banann lan ap vale teren. Jude Celestin sanble ke li chire. Moun kap jere kanpay Jude yo se yon pakèt amatè kreten. Yo fè yon pakèt erè politik ki difisil pou repare jodia. Yon bagay ki fe moun ri ampil se lè kèk nèg ki pa kanpe sou anyen ap fè tout kalite pwopozisyon koudeta nan ofri solisyo de "soti de kriz".

-- 
«Yap pale pou sal Ayiti ak Ayisien nap travay pou defan Ayiti» 

No comments: