Tuesday, December 1, 2015

Haiti: Kimoun ki tire sou radyo Kiskeya?

Akoz de pozisyon l an 2004 depi plizyè mwa radyo Timoun ki depan de Fanmi Lavalas e de Jean Bertrand Aristide ap choute sou jounalis Liliannne Pierre Paul ak radyo Kiskeya. Bagay la te tèlman grav paske atak sa yo te mete lavi Lilianne an danje ke li te sètoblije monte sou radyo kiskeya pou li voye yon pinga bay Aristide ak Fanmi Lavalas. Pou nou koute sa lilianne te di teke la: https://soundcloud.com/gamax-live-numerique/liliane-pierre-paul-d-nonce  

Gen 8 jou de sa Aristide voye Simon Desras via yon moun nan radyo pou di ke Gouvènman Martelly a genyen plan pou touye 2 jounalis ki se Jean Monard Metellus e Lilianne Pierre Paul. Deklarasyon sa fè pati yon plan ke Aristide te monte pou l kreye plis violans nan lari a e fasilite yon koudeta kap pèmèt mete amplas yon gouvènman tranzisyon. Nan kad plan sa chimè yo te dwe touye 2 jounalis sa yo e genyen 2 moun pa yo nan radyo ki apre tapral mete krim sa sou do gouvènman Martelly. Krim sa yo plis pwopagand politik tap fè lari a tèlman cho ke li tap fasil pou mande dechoukaj Martelly. Genyen ampil moun ki dekouvri montaj e plan makab sa alavans. Nan touye 2 jounalis sa yo lavalas ap esaye kreye kondisyon pou mete plis violans politik pou koudeta kapfèt kont gouvènman konstitisyonèl Martelly. Gen de moun ki di ke se pa Aristide paske montaj tire sa yo komanse ak Moise Jean Charles. Moun sa yo di ke gen kèk jou de sa ke Moise Jean Charles ki te fè tire sou kay li. Si nou pa sonje teke la: http://zenpolitikayiti.blogspot.com/2015/11/revelations-sur-lattaque-de-la.html Safè 30 lane ke anakopopilis sa yo ap fè montaj violans politik sa yo. Depi nan lage Bomb nan Petionvil 5 Desamb 1990 pou rive jodia nan tire sou radyo kiskeya. Plizyè Lavalas ki di ke se pa yo menm se Moise Jean Charles ki dèyè zak violans sa e kap esaye metel sou do Aristide Lavalas. Nou sonje tou kijan Newton Saint Juste te monte nan radyo e di ke li pran distans li pa rapo a Moise Jean Charles ki kwè nan violans. Sektè a tèlman mele ke Lavalas ak Pitit Dessalines di ke se pa yo menm ki fwape men se gwoup Anèl Belizè ki fèsa. Si pat genyen Facebook ak Twitter e entènèt la nou patap kapab dekouvri tou detay sa yo e koudeta anakopopilis yo tap fèt deja. Pa genyen koudeta anko an Ayiti ki chita sou montaj violans. Sanble ke ta gen foto, temwen ak video. Sa ta bon ampil pou ke peyi a dekouvri ki asasen ki kache dèyè zak kriminèl sa yo. Yon bagay ki sèten nan tande mesye sa yo pale nan radyo pandan 8 jou ki sot pase la, pèp la wè ke gen ladan yo ki tèlman pèdi kontwol yo ke sanble ke pa genyen ansyen ke yo pap fè pou moso pouvwa.

No comments: