Monday, July 14, 2014

Ayiti Kolera: Senk kesyon pou sekretè jeneral Ban Ki-Moon



1. Sekretè jeneral kilè wap prezante ekskiz bay pèp ayisien lan e rekonèt ke se solda nepalè MINUSTAH ki lage kolera nan peyi dayiti? Eske ou konnen ke depi Novamb 2010, safè 4 lane ke pèp ayisien ap tan ekskiz sa?

2. Sekretè jeneral poukisa wap pale ke ONU gen yon responsabilite pou ede Ayiti nan zafè kolera e ou pa vle rekonèt ke se solda nepalè MINUSTAH ki lagel isit jan tout etid syantifik yo montre sa?

3. Sekretè jeneral kolera MINUSTAH tiye plis pase 8000 ayisien e li kontamine plis pase 800.000 eske ou kap prezante ekskiz ou bay fanmi sa yo?

4. Sekretè jeneral lap koute ayiti plis pase 2 milliards sou 10 lane pou netwaye peyi a de kolera MINUSTAH. Ou di ke ou vle ede aloske 4 lane apre ke MINUSTAH lage kolera an Ayiti LONU pa menm ka bay 400 millions. Eske wap pase pèp ayisien nan betiz?


5. Sekretè jeneral poukisa envoye espesyal ou ansye Prezidan Bill Clinton rekonèt ke se solda nepalè MINUSTAH ki lage kolera nan peyi Dayiti e oumenm ou pa vle rekonèt sa? Eske ou pa vyole fondman menm deklarasyon inivèsèl dwa moun?

No comments: