Tuesday, July 22, 2014

Max Mathurin yon volè ki abitye chanje rezilta eleksyon rive Prezidan Konsèy Elektoral Ayiti


Komsi nou soufri maladi bliye nou repran menm wout la e nou panse ke lap mennen nou yon lot kote. Max Mathurin ki te volè​ lajan KEP e kite chanje rezilta eleksyon 2004 -06 yo depi yè ​ Prezidan KEP nan peyi dayiti.​​​ Seli ki te fabrike zafè ​ konte bilten blan yo. Si Prezidan Manigat te vivan li tap temwaye sou aksyon malonè​t sa yo. Kou a fè​t ak komplisite Leopold Berlanger e Nehemie Joseph. Yon bagay ki klè ​ sèke avèk des moun malonè​t konsa nan tèt KEP a, ​​ ​eleksyon ane sa pap ni lib, ni onèt ni demokratik.​​ ​​ ​​​Avè​k ekip elektoral sa, li klè ​ ke​ peyi dayiti pran yon move direksyon. Lè ​satefè​t konsa anvan li te bannou kriz elektoral ak politik ki te pèmè​t gwo dezod jeneralize ateri. ​ ​​Fok nou sonje ke Patrick Fequiere ak Gerson Richemen 2 mamb KEP 2006 te deklare piblikman ke Max Mathurin te vole 12 milyon goud.​​​ Yo te remèt bay laprè​s e bay peyi a dosye koripsyon Mathurin kom volè ​ lajan KEP. Mathurin te gen gwo problè​m tou ak kou siperyè des kont pou zak malonè​t sa yo. Alepok lajistis tap travay pou mete kod nan tèt Mathurin. Komisè​ gouvènman an te mete yon entè​diksyon de depa pou li.​ ​​ ​​Se kowompi sa ki avèk anpil odas ​depi yè ​ Prezidan KEP peyi Dayiti. ​Nan politik kase fèy kouvri sa, gen anpil sitwayen ki revolte e ki pa kompran kijan yon moun malonè​t konsa ateri nan yon enstitisyon ki empotan pou avni ak estabilite peyi dayiti. Tout moun wè​ klè ​ ke nan eleksyon sa yo menm lè  pè​p vote pou ou, ou pap sis paske mesye sa yo pral chanje rezilta eleksyon yo.  ​​​Sanble ke yon lot koufeta elektoral pral fè​t. Mwen pral gede kisa RNDDH pral di sou sa.

No comments: