Thursday, July 31, 2014

Kisa sa vle di bandi legal an Ayiti?


Nan peyi dayiti gen yon tèm ki depi kèk mwa rantre nan vokabilè politik nou. Tèm sa rele bandi legal. Jodia mwen pran yon ti tan pou mwen eksplike orijin tèm sa pou ke tout moun kap sèvi avèk li kompran siyifikasyon li.

Istorik tèm bandi legal
Pandan 20 lane te genyen na peyi dayiti yon ti gwoup kite gen na men li pouvwa ekzekitif, jidiyè ak lejislatif. Ekip sa pat kwè nan enstitisyon, nan règleman, nan lalwa, nan konstitisyon ni nan demokrasi. Yo pat gen ni plan ni vizyon. Yo te sèvi a des fomil demagojik tankou krik, krak, tim tim, grès kochon ap kwuit kochon, boujwa ti lolit, boujwa patripoch. Rezilta jesyon katastrofik yo kraze peyi a, ekonomi li ak tout enstitisyon yo. Se moun sa yo tou ki te mande etranje okipasyon ke nap viv jodia. Eki sa reyisi san pèp la. Yo volè grès la ak tout kochon an. Yo kite 54 pousan analfabèt e senk milyon moun nan mizè. Pèp la rele ekip sa anakopopilis paske yo kwè nan 2 ideoloji. Premye a se anachi e dezyèm nan se popilism. 2 ideoloji sa yo pa vle wè e pa danse kole ak demokrasi e demokrat. E ideoloji sa yo reprezante yon poizon pou demokrasi ak devlopman. Mesye anakopopilis sa yo pandan lontan yo sèvi ak pouvwa legal la pou kidnape pitit pèp la. Se konsa yo te enstitisyonalize kidnapping lan e yo kite yon peyi ak 500 kidnaping pa mwa le 14 Me 2011. 
Kom ekzamp eritaj sa nou genyen Amaral Duclona ki kidnape plis pase 1500 moun. Nou pap menm pale de tout lot gang yo domi nan bwa, lame wouj, bale wouze, lame rat elatrye ke lapolis ap mare e mete anba kod pandan 28 mwa ki sot pase yo. Mesye anakopopilis sa yo te sèvi tou ak pouvwa legal e konstitisyonèl la pou fasilite komès kokayine et fèl blayi toupatou nan peyi dayiti. Chèf komes kokayine sa sete ansyen Prezidan peyi nou, ansyen Prezidan Sena peyi nou, Chèf sekirite Prezidan nan Palè, zanmi Prezidan nan lapolis, ak senate ki kouzen Prezidan. DEA ak BLTS mete anpil anba kod. Anakopopilis yo te sèvi ak otorite legal sa pou volè tou. Se anakopopilis yo piye minoteri, volè fon pansyon amplwaye e van li pou degouden bay zanmi yo. Anakopopilis yo piye ONA, ti pwojè laprezidans, teleko, siman dayiti ak tout lot enstitisyon leta yo. Men’m lajan fon pansyon ofisye, sou ofisye ak solda lame yo volè. Avèk anpil odas yo volè tou lajan kooperativ pèp la.  Mwen pap men’m rantre nan yon seri de lot ekzaksyon e krim ekonomik. Kidonk mesye sa yo te gade tèt yo tankou yon seri de bandi legal. Lè yo te antre yo, sepa de ri ke yon te kon ri nan rele tèt yo bandi legal. Jodia zafè yo bon e ak lajan key o te volè pitit yo prezante tèt yo e ap sikile nan sosyete a tankou biznisman boujwa respektab. Se la ke tèm bandi legal la soti.

Itilizasyon aktyèl bandi legal
Depi kèk mwa, sa vle depi 14 Me 2011, bandi legal anakopopilis yo pèdi pouvwa a. Bagay ki fè yo move plis seke nouvo gouvènman konstitisyonèl la kase ren kidnapping lan a 92 pousan. Pa gen mwayen fè kob anko nan kidnapping. Gagot nan lajan leta diminye anpil. Gouvènman mete anpil lod nan jesyon lajan leta. Dayè rapo sou koripsyon transparency entènasyonal pibliye montre ke Ayiti fè progrè de 12 pwen nan goumen kont koripsyon ke bandi legal anakopopilis yo enstale depi 20 lane. Bandi legal anakopopilis yo move pousa tou. Jodia bandi legal ankopopilis yo kap pèdi fil tèlman fristre ke yo pa konnen kijan pou yo sabote progrè yo. Yo chwazi wout propagand politik.  Yo deside ke yo pral sèvi ak tèm ki defini kompotman yo kom bandi legal anakopopilis pou atake moun kap travay.
Jodia lè anakopopilis yo sèvi ak mo bandi legal la kisa sa vle di?
Lè yon anakopopilis ekri ou akize yon moun de bandi legal sa vle di ke ou se yon moun kap:
-       kombat koripsyon

-       ranfonse enstitisyon

-       bay jistis la jarèt

-       goumen kont ensekirite ak kidnaping

-       ede pèp la soti nan mizè

-       fè respekte ayiti lotbodlo

-       goumen kont okipasyon

-       Travay pou bay peyi a yon imaj pwop

-       Sèvi ak tribinal pou korije kaye yo e renonse ak violans


Kèk ekzanp moun ak oganizasyon kin an kategori Bandi legal?

-       Arnel Belizaire

-       Newton St Juste

-       Andre Michel

-       Rony Timothee

-       Serge Jean Louis

-       Moise Jean Charles

-       Fanmi Lavalas

-       INITE

-       Lespwa



e komandan an chef bandi legal yo Jean Bertrand Aristide



















--
«Yap pale pou sal Ayiti ak Ayisien nap travay pou defan Ayiti»
   http://zenpolitikayiti.blogspot.com

No comments: