Monday, August 11, 2014

Klifod Brandt ak 280 prizonye sove*** Tantativ Destabilizasyon Politik Ayiti?


Depi Mateli monte kom Prezidan li kraze gang kidnapè yo. Ensekirite a diminye de 88 pousan. bagay sa fè yon sektè politik ke nou tout konnen fache paske se de kidnaping, dwog ak granmanjè ke yo viv. Jodia yo pa kapab volè lajan leta, lajistis ak lapolis mete yon fren nan kidnaping ak dwog. Yo anraje. Yap fè reyinion pou destabilize.


Mwen te pale nou men nou pat vle kwè mwen. Mesye yo fè reyinion aletranje semen pase a pou yo planifye dezod jeneral nan peyi dayiti. Jodia mesye yo fasilite ke yo kase prizon e yo mete plis pase 280 kriminèl ak kidnapè deyo pou al sèvi koz yo. Mwen pral bannou yon ti poul. Kiyès ki bay nouvèl la an premye sou entènèt la? Eske se pat fo jounalis ki te nan reyinion ak nèg yo Nouyok pou planifye dezod sa yo? Kijan neg nouyok sa yo te fè okouran e lage nouvèl la sèlman apre kèk minit ke kase prizon an komanse? Kesyon sa yo se komisyon ankèt ka pral repon yo. Mwen menm mwen deja sispèk mesye yo paske si yo pat nan komplisite kijan fè yo ta gentan okouran ke yap kase yon prizon aloske lapolis ak otorite yo potko genyen enfomasyon sa yo? Nou antrave. Mateli ak Lemot dwe kontinye netwaye leta e mete vakabon ak kriminè legalman deyo jan yo komanse fèsa nan lapolis.


Sa nou wè yè poko anyen. Mouvman destabilizasyon ke anakopopilis yo pare gen plizyè aksyon ladanl. Banmwen site kèk zak kriminèl e malonèt ke yo pare:
- Boule mache
- Touye diaspora kap debake an ayiti
- Tire sou radyo pou di ke se gouvènman
- Tire sou jounalis pou di ke se gouvènman
- Atake malere ki nan lari a
- Al pran kadav nan mog lopital yo e plen yo bal pou di ke se gouvènman ka touye moun
- Kase prizon
- Mete dife e boule

​Jodia yo mete Klifod Brandt deyo pou yo regle koz politik yo. Jodia Lendi 11 Daou mwen garanti'w ou pral wè gwo teat politik nan radyo pou esaye fè kapital politik. Reyalite a sèke Klifod Brandt fini. Ti mari Brandt pap kapab monte, ti mari Brandt pap kapab desan. Genyen yon sèl opsyon pou ti mari Brandt ki se tounen nan prizon. Se yon kidnapè e kriminèl ke li ye. Pa gen oken peyi kap akseptel. Sa vle di wè pa wè se nan prizon ke lap tounen. Destablizatè yo fè move kalkil. Sa pral pran yo senk jou pou yo wè sa. Sak bèl la sèke youn nan senatè ki planifye dezod sa yo te pran prekosyon pou li sou wout soti Mexik pou rive ayiti pou garanti ke non li pat site nan konplo a. Mwen mande tout moun poze. Poze, poze tande. Yo pral remete tout kriminèl sa yo ki sove anba kod. Dayè popilasyon komanse akonkaye gouvènman lan ak lapolis pou rekenbe zenglendo ki sove. Yo gentan mete men sou 15 ladan yo. Sak pirèd la sèke gouvènman ofri 1 milyon goud pou moun ki ede mete men nan kolèt Brandt. Mwen pa kache di'w se pa de nèg kap chache mouche nan lari a pou kenbe Brandt. Bagay la cho. Mwen sèten tou ke moun ki fasilite mete kriminèl yo deyo pral anba kod tou.

No comments: