Friday, August 8, 2014

Manda Danton Leger ap fini kom depite li panike: Kote li te ye Janvye 1999 lè Preval te konstate ke palman kaduk?


Danton Leger renmen "le pouvoir". Lap chache prolongasyon paske manda li preske fini. Danton Leger nan yon lèt louvri ke li ekri ap pare koudeta. Li nan tout radyo kote lap fè promosyon yon koudeta kont Prezidan konstitisyonèl la ke manda ap fini an 2016. Nan kad koudeta ke lap prepare Leger ta renemen ke lè yo fin jete Martelly fok Fanmi Lavalas ta pran pouvwa a travè Simon Desras. Tout moun konnen ke zak malonèt sa tap ilegal e enkonstitisyonèl.

Kesyon ke anpil moun ap poze, poukisa bouche Danton Leger te fèmen lè manda palmantè yo te fini an Janvye 1999 e kote Preval te konstate kadisite palman e dirije pa dekrè pandan 2 lane jiskaske eleksyon te fèt 21 Me 2000? Danton poukisa ou pat di anyen? Konstitisyon an pa rekonèt prolongasyon manda ke Danton ap mande. Eske mwen manti sou sa Danton? Konstitisyon nou se verite. Lè Danton an nan manti.

Konstitisyon pa rekonèt promosyon koudeta pou pèmèt Fanmi Lavalas volè pouvwa ilegalman. Chamb depite a vote lwa elektoral la depi 4 mwa. Depi 4 mwa lwa elektoral la chita nan men senatè yo. Poukisa 6 senatè Lavalas bloke vot lwa elektoral la nan sena a? Si 6 senatè Fanmi Lavalas yo popilè poukisa yo pa vle vote lwa elektoral e al nan eleksyon aloske lwa a chita nan men yo depi 4 mwa? Poukisa tout dilatwa sa yo? Eske se pè yo pè eleksyon? Eske se pou gade kijan yo kapab bay yon koudeta? Gen anpil nan senatè sa yo ki panike paske manda yo fini. Sa bayo kè sote akoz de ensekirite ekonomik ke yo pral tonbe ladanl. Depi ke mandaw fini se nomal ke yo kanpe shèk ou. Ministè Finans pral kanpe shèk ke leta te abitye peye senatè sa yo pou kostim, kat telefon, sekirite, kay lavil e kay lakay yo nan komin kote yo soti. Paske manda yo fini yo pral kanpe tou lajan konsiltan, gaz, vwayaje, achte machin ak perdiem. Lajan leta pral sispan rantre nan poche yo. Yo pa renmen sa ditou.

Tèt yo chaje. Sak pirèd sèke yo pa konnen kijan pou yo tounen nan palman paske pèp la pap vote yo. Jodia malgre ke KEP a nan men yo yap bloke eleksyon. Pèp la pa kapab santi mesye sa yo paske yo pa regle anyen pou peyi a. Se poche yo ke yo tap plen. Jwèt la sere. Yo anvi mode. Men yo pa gen dan anko. Yo anvi boule men yo pa kapab anko. Yo anvi fè violans men pèp la rejete violans. Yo ta renmen ranfose okipasyon pou pouvwa men sa pa mache anko. Anmwey gadon peyi.

No comments: