Nan peyi dayiti gen yon tèm ki depi kèk mwa rantre nan
vokabilè politik nou. Tèm sa rele bandi legal. Jodia mwen pran yon ti tan pou
mwen eksplike orijin tèm sa pou ke tout moun kap sèvi avèk li kompran
siyifikasyon li.
Istorik tèm bandi legal
Pandan 20 lane te genyen na peyi dayiti yon ti gwoup kite
gen na men li pouvwa ekzekitif, jidiyè ak lejislatif. Ekip sa pat kwè nan
enstitisyon, nan règleman, nan lalwa, nan konstitisyon ni nan demokrasi. Yo pat
gen ni plan ni vizyon. Yo te sèvi a des fomil demagojik tankou krik, krak, tim
tim, grès kochon ap kwuit kochon, boujwa ti lolit, boujwa patripoch. Rezilta
jesyon katastrofik yo kraze peyi a, ekonomi li ak tout enstitisyon yo. Se moun
sa yo tou ki te mande etranje okipasyon ke nap viv jodia. Eki sa reyisi san pèp
la. Yo volè grès la ak tout kochon an. Yo kite 54 pousan analfabèt e senk
milyon moun nan mizè. Pèp la rele ekip sa anakopopilis paske yo kwè nan 2
ideoloji. Premye a se anachi e dezyèm nan se popilism. 2 ideoloji sa yo pa vle
wè e pa danse kole ak demokrasi e demokrat. E ideoloji sa yo reprezante yon
poizon pou demokrasi ak devlopman. Mesye anakopopilis sa yo pandan lontan yo
sèvi ak pouvwa legal la pou kidnape pitit pèp la. Se konsa yo te enstitisyonalize
kidnapping lan e yo kite yon peyi ak 500 kidnaping pa mwa le 14 Me 2011.
Kom
ekzamp eritaj sa nou genyen Amaral Duclona ki kidnape plis pase 1500 moun. Nou
pap menm pale de tout lot gang yo domi nan bwa, lame wouj, bale wouze, lame rat
elatrye ke lapolis ap mare e mete anba kod pandan 28 mwa ki sot pase yo. Mesye
anakopopilis sa yo te sèvi tou ak pouvwa legal e konstitisyonèl la pou fasilite
komès kokayine et fèl blayi toupatou nan peyi dayiti. Chèf komes kokayine sa
sete ansyen Prezidan peyi nou, ansyen Prezidan Sena peyi nou, Chèf sekirite
Prezidan nan Palè, zanmi Prezidan nan lapolis, ak senate ki kouzen Prezidan.
DEA ak BLTS mete anpil anba kod. Anakopopilis yo te sèvi ak otorite legal sa
pou volè tou. Se anakopopilis yo piye minoteri, volè fon pansyon amplwaye e van
li pou degouden bay zanmi yo. Anakopopilis yo piye ONA, ti pwojè laprezidans,
teleko, siman dayiti ak tout lot enstitisyon leta yo. Men’m lajan fon pansyon
ofisye, sou ofisye ak solda lame yo volè. Avèk anpil odas yo volè tou lajan
kooperativ pèp la. Mwen pap men’m
rantre nan yon seri de lot ekzaksyon e krim ekonomik. Kidonk mesye sa yo te
gade tèt yo tankou yon seri de bandi legal. Lè yo te antre yo, sepa de ri ke
yon te kon ri nan rele tèt yo bandi legal. Jodia zafè yo bon e ak lajan key o
te volè pitit yo prezante tèt yo e ap sikile nan sosyete a tankou biznisman
boujwa respektab. Se la ke tèm bandi legal la soti.
Itilizasyon aktyèl bandi legal
Depi kèk mwa, sa vle depi 14 Me 2011, bandi legal
anakopopilis yo pèdi pouvwa a. Bagay ki fè yo move plis seke nouvo gouvènman
konstitisyonèl la kase ren kidnapping lan a 92 pousan. Pa gen mwayen fè kob
anko nan kidnapping. Gagot nan lajan leta diminye anpil. Gouvènman mete anpil
lod nan jesyon lajan leta. Dayè rapo sou koripsyon transparency entènasyonal
pibliye montre ke Ayiti fè progrè de 12 pwen nan goumen kont koripsyon ke bandi
legal anakopopilis yo enstale depi 20 lane. Bandi legal anakopopilis yo move
pousa tou. Jodia bandi legal ankopopilis yo kap pèdi fil tèlman fristre ke yo pa
konnen kijan pou yo sabote progrè yo. Yo chwazi wout propagand politik. Yo deside ke yo pral sèvi ak tèm ki
defini kompotman yo kom bandi legal anakopopilis pou atake moun kap travay.
Jodia lè anakopopilis yo sèvi ak mo bandi legal la kisa sa
vle di?
Lè yon anakopopilis ekri ou akize yon moun de bandi legal sa
vle di ke ou se yon moun kap:
- kombat koripsyon
- ranfonse enstitisyon
- bay jistis la jarèt
- goumen kont ensekirite ak
kidnaping
- ede pèp la soti nan mizè
- fè respekte ayiti lotbodlo
- goumen kont okipasyon
- Travay pou bay peyi a yon imaj
pwop
- Sèvi ak tribinal pou korije
kaye yo e renonse ak violans
Kèk ekzanp moun ak oganizasyon kin an kategori Bandi legal?
- Serge Jean Louis
- Arnel Belizaire
- Newton St Juste
- Andre Michel
- Rony Timothee
- Serge Jean Louis
- Moise Jean Charles
- Fanmi Lavalas
- INITE
--
«Yap pale pou sal Ayiti ak Ayisien nap travay pou defan
Ayiti»
http://zenpolitikayiti.blogspot.com