Wednesday, December 3, 2014

Koripsyon: Anakopolis kowompi yo pa kontan paske Ayiti ap pwogrese



Mezanmi anakopopilis yo morveu paske Ayiti ap mache nan bon direksyon nan zafè goumen kont koripsyon. Done syantifik pa gen manti ladan yo. Lè anakopopilis yo kite pouvwa an 2011 Ayiti te 175em mondyal nan lis peyi ki pi kowompi sou latè. Pou verifye gade la: http://www.transparency.org/cpi2011/results 

Apre 3 lane travay gouvènman Martelly a kote yo pase lwa sou blanchiman, kote yo ranfose travay Inite Lit kont Koripsyon (ULCC), kote yo mete dè obligasyon nan bidjè leta kote si yon shèk pa fèt sou nom pa'w ou pap kapab touchel e kote yap kouri dèyè volè san pran souf, Ayiti pwogwese de 14 plas nan 3 lane. Sa vle di an 2014 Ayiti monte nan plas 161. Se yon bon bagay pou peyi Dayiti. Sa pral gen enpak pozitif sou moun ki gen lajan e ki ta renmen vini pou fè biznis an Ayiti. Pou verifye ke Ayiti nan plas 161 pou ane 2014 la, gade la: http://www.transparency.org/cpi2014/results  

Sanble ke chèf volè a, sa vle di gwo chat mimi Jean Bertrand Letitiah Aristide ki volè anpil lajan leta, pou verifye yon pati lajan ke li volè nan leta gade la http://www.slideshare.net/Stanleylucas/rapport-officiel-dhaiti-sur-la-corruption-de-jean-bertrand-aristide-38022355 move paske Stanley Lucas montre koman Aristide non sèlman te volè lajan leta men kijan limenm ak lot konpayèl piyajè anakopopilis yo te mete peyi dayiti kom youn nan 3 peyi ki pi kowompi sou latè. Sa pat jamen rive anvan. Tout Ayisien ki konsekan dwe kontan pou pwogwè sa yo. Tout Ayisien ki konsekan ta dwe gade kisa ki merite fèt an 2015 pou ke pwogwè sa yo kontinye.

No comments: