Monday, December 22, 2014

Politisyen anakopopilis ap chache kadav pou reyalize koudeta nwèl e konstwui kapital politik yo


Assad Volcy se yon kidnapè timoun lekol ke komisè Claudy Gassant te voye arete. Gade li kap esaye sèvi ak kadav yon militan pou fè kapital politik li komsi nap bliye krim kidnaping li yo. Se komsi plis gen kadav se plis anakopopilis yo kontan. Yo montre klèman ke yo bezwen yon pil kadav pou reyalize koudeta. Se sa wi ki lavalas yo. Assad ap sèvi ak kadav yon jèn ke limenm responsab lanmo li pou fè promosyon tèt li. Safè mwen anvi vomi. Nèg yo mete politik peyi a nan yon bwat fatra pouri ki santi move. Gade Assad kap poze sou kadav yon militan ke li pa respekte. Li pa respekte diyite moun, li pa respekte diyite kadav la. Lè yon moun mouri ou bese tèt ou pou lapriyè e mande Bondye recevwa nanm moun sa nan syèl la. Assad kanpe e pran foto nan poze devan kadav la ke li pa respekte. Nan foto sa li do, gade jan mwen shèlbè. Lap poze tankou se postè fèt nwèl li ke li pral distribye. Sak rèd la, menm listwa peyi nou anakopopilis yo vle sal. Se kidnapè anakopopilis sa yo kap rele tèt yo pitit Dessalines? Ki kote peyi prale ak kidnapè sa yo ki pa respekte anyen. Menm kadav yo pa respekte. Lajenès peyi estomake devan ekip lavalas kanzo sa yo. Manman pitit veye zo nou ak politisyen anakopopilis kap chache kadav jèn nan lari a pou regle zafè politik yo. Papa pitit di pitit ou ki jèn gason ou ki jèn fanm fè atansyon ak politisyen anakopopilis ki bezwen lage yo atè nan san pou al fè kapaital politik ak kadav yo. 

No comments: