Wednesday, January 7, 2015

Reyinion fèt ayè nan fondasyon Aristide pou touye Rosemond Jean

Breaking News** Genyen yon reyinion kifèt ayè nan fondasyon Aristide. Objektif reyinion sa sete pou atake e jwen ki meyè estrateji pou touye e fèmen bouche Rosemon Jean ki se Prezidan kowodinasyon nasyonal de viktim ki te pèdi lajan nan zafè kowoperativ Aristide ak volè lavalas yo. Fwa sa kriminèl yo pap mete mayo wouj jan yo te fèl nan manifestasyon 18 Novamb lan. Fwa sa yo deside ke yap mete mayo jone.  

Zafè ke Rosemond Jean pral oganize manifestasyon Jodia 7 Janvye deranje Aristide ak kèk dirijan Lavalas. Se pou rezon sa ke yo deside ke yap voye touyel menm jan yo te voye touye jounalis Jean Dominique. Nou sonje ke se nan fondasyon Aristide ke Mirlande Liberus ak 8 lot alkolit lavalas te planifye touye Jean Dominique e satefèt toutbon. 

Map fè nou sonje ke Rosemond Jean te ale devan lajistis an 2012 pou poteplent kont Jean Bertrand Aristide pou ekskrokeri, volè, abi de konfyans e asosyasyon malfektè. Aristide ak ekip malfektè li yo te volè 5 milyard de goud pou malere peyi dayiti ak diaspora a. Pou kapab sonje pi byen gade la: http://www.haitilibre.com/article-7446-haiti-justice-deuxieme-plainte-contre-l-ex-president-aristide.html

No comments: