Friday, January 9, 2015

Travay pèp la: Eske palmantè yo merite prolongasyon manda san eleksyon?


Peyi dayiti genyen yon palman ki pap travay depi kèk jou. Tout tan sa a pase epi palmantè yo ap depanse e kraze lajan leta e yo pa regle anyen ki an favè popilasyon. Yo pa regle anyen nonplis pou diaspora a. Jodia palmantè sa yo ki pa regle anyen pou pèp la e pou peyi a ki konstate ke manda yo fini ap mande prolongasyon. Pou ki rezon pou nou prolonje manda palmantè ki pap travay e ki pa vle fè travay pèp la? Kijan fè ke palmantè sa yo ap mande prolongasyon manda aloske se yon bagay ke konstitisyon peyi nou entèdi? Palmantè yo pa vote lwa ke yo ta dwe vote ki anfavè pèp la. Palmantè sa yo pa pibliye oken rapo pou montre key o tap kontwole ekekitif la. Palmantv pa regle anyen e pa travay pou jistifye tout lajan leta ke yo depanse e mande tout lajounen. Leta peye yo chak mwa, leta bayo frè pou telefon, leta bayo frè pou gazoline, frè pou kay, frè pou perdiem, leta bayo lajan pou achte machin, yo recevwa tou frè pou konsiltan, leta bayo frè pou sekirite tou. Palmantè odasye sa yo ap manke tout sitwayen onèt dega lè yap monte nan radyo pou mande prolonje manda yo. Pa ekzamp ann gade ansamb travay ki ta dwe fèt nan sena peyi nou e ki pafèt.

Sena a se yon enstitisyon an fonksyon de responsabilite ke konstitisyon an bali li ta dwe travay an pèmanans. Règleman entènn sena a di ke senatè yo dwe travay nan 2 manyè: Premye a se asanble nasyonal sa se lè depite ak senatè reyini ansamb pou yo travay. Dezyèm nan se seyans odinè sa vle di lè travay lejislatif la ap fèt. Sa dwe fèt 3 fwa chak semen, Madi, Mèkredi ak Jedi. Kidonk senatè yo ta dwe genyen pou pi piti 96 seyans travay. Sapafèt. Soti nan mwa Janvye 2014 pou rive mwa Daou 2014 sa vle plis pase 32 semenn, mesye senatè yo oganize 4 seyans asanble nasyonal sèlman e 4 seyans odinè. Sa vle di ke mesye yo pa jamen chita pou fè travay pèp la, travay konstitisyonèl yo pandan ke yap touché chak mwa. Senatè yo ap okipe tout bagay sof job nomal yo ke yo gen responsabilite e obligasyon konstitisyonèl pou li.  Nan 4 seyans odinè ke senatè yo oganize yo vote 6 pwopozisyon lwa san yo pa ni pale nip ran kontak ak pèson. Yo pa pale a pati politik, yo pa pale ak sosyete sivil, yo pa pale a diaspora, yo pa konsilte pouvwa ekzekitif anvan ke yo vote lwa sa yo, Lwa sa yo pa gen oken chans pou rès palman an, chamb depite, vote yo. Sa montre kijan mesye sa yo iresponsab. 4 seyans odinè sa yo koute leta US$22.6 millions dollars ameriken. Sa vle di ke chak seyans odinè sena koute malere ki nan lari a US$5.6 milyon dola ameriken. Pa bliye ke bidjè 2013-14 palman reprezante 1.039 milyard de goud ke yo depanse san yo pa travay e san jistifikasyon. Pou 4 lane ki pase la senate yo depanse US$90 milyon dola meriken. Senatè yo depanse 90 milyon dola meriken pèp la san yo pa regle anyen. Eske nou okouran ke jodia 9 Janvye fè 286 jou depi ke sena pa jamen gen quorum? Eske fok nou prolonje ilegalman manda mesye sa yo ki pa regle anyen pou peyi a ak lajan pèp la? Eske nou dwe kontinye envesti lajan leta, lajan pèp la nan yon enstitisyon predatè sa ki pa regle anyen pou pèp la? Eske lè pa rive pou nou chache yon lot mwayen pou pibliye lwa elektoral la ke senatè sa yo pran an otaj depi 285 jou pou eleksyon pafèt e fasilite koudeta? Kisa ou panse desa? Kisa ki ta dwe fèt?

No comments: