Thursday, January 8, 2015

Annou komanse pare pou derasine koudeta lavalas zoblòd la


Si ou nan Tèt Kale li dokiman sa jiska dènye fraz la. Nou rive nan pwen kote Lavalas vle fè koudeta pou yo pran pouvwa ak violans san yo pa respekte règ jwèt demokratik la. Koudeta violans Lavalas zoblod la vle pran kontwòl KEP pou reyalize koudeta elektoral pou zoblòd yo. Koudeta violans Lavalas vle pran kontwòl primati san yo pa genyen majorite nan palman. Yon fason pou granmanjè rekomanse piye leta. Koudeta violans Lavalas zoblòd vle mete prezidan atè san manda li poko fini yon fason pou yo mete gouvènman tranzisyon ak moun pa yo pou al fè koudeta definitf. Ki kote nou soti? Ki kote nou ye? E ki kote nou prale?

Ki kote nou Soti?
Soti 7 Fevrye 1991 rive 14 Me 2011 genyen 2 katastròf ki kraze peyi dayiti. Premye katastròf la rele Lavalas zoblòd. Yo pran kontwòl leta nan nom 3 wòch dife ke yo te pwòmèt pèp la, jistis, patisipasyon ak transparans. Pandan 20 lane Lavalas pa delivre machandiz la. Pandan 20 lane anyen pa ateri pou pèp la. Pandan 20 lane Lavalas zoblòd se mizè ke yo simaye toutpatou. Lavalas zoblòd kite 6 milyon ayisien nan mizè. Lavalas zoblòd kite 54 pousan pitit pèp la analfabèt. Lavalas zoblòd kite 134 komin san eletrisite. Lavalas zoblòd kite 650 kidnaping pa mwa. Lavalas zoblòd kite 72 pousan bidjè leta depan de letranje. Nan zafè koripsyon tèlman granmanjè Lavalas zoblòd yo volè lajan leta yo mete ayiti 189em sou 192 mondyal sa vle di kom 3 peyi ki pi kowompi sou latè. Yon seri de nèg ke nou tout te konnen kom malere an 1990 e ki pat genyen yon goud nan poch yo, tout dirijan lavalas zoblòd sa yo gentan milyonè sou do pèp la ak peyi a. Jean Bertrand Aristide yon pè Saint Jean Bosco genyen 800 milyon dola ameriken pandan ke li kite jèn site solèy mizè. Pèp la bayo ti nom granmanjè. Majò jon granmanjè lavalas zoblòd yo reyisi san pèp la e yo volè e kraze tout sa yo te jwen. Mesye Lavalas yo pa volè lajan leta sèlman. Lavalas zoblòd sal demokrasi a nan volè tout eleksyon ke li te oganize. Lavalas zoblòd sal memwa e listwa peyi nou tou. Lavalas sal Dessalines nan mande e siyen pou okipasyon solda meriken debake an ayiti an 1994. Lavalas zoblòd vomi sou Charlemagne Peralte an 1995 lè yo siyen pou solda nasyonzini debake ayiti. Sak touye koukou a se lè konze lavalas zoblòd yo mande solda afrikdisid debake Gonaives an 2004 pou kale pitit Dessalines yo ki tap fète 200 lane endepandans yo. Lavalas zoblòd kreye kidnaping, Lavalas zoblòd kreye rayisans. Lavalas zoblòd kreye boule moun. Lavalas zoblòd louvri vant peyi pou trafik dwog fè kenken jiskaske bagay la te rive nan yon pwen tèlman lèd ke DEA debake pou mare prezidan sena lavalas zoblòd, chèf sekirite Prezidan Lavalas zoblòd, yo mare tou chèf polis Lavalas zoblòd, yo mare mon konpè prezidan Lavalas zoblòd. Volè Lavalas zoblòd kraze teleko apre sa yo van sak te rete de teleko bay zanmi yo. Lavalas zoblòd kraze minòteri apre sa yo van sa bay zanmi yo. Lavalas kraze lame apre sa yo volè fon pansyon ofisye, sou-ofisye ak solda. Yo volè tou lajan fon pansyon anplwaye minòteri, teleko ak siman dayiti. Lavalas piye lajan travayè depoze nan ONA. Pou mete abse sou klou Lavalas zoblòd monte yon magouy kooperativ e yo volè 6 milyard de goud pou malere nan peyi dayiti e nan diaspora a. Lè laprès kritike yo pou vol sa yo Lavalas zoblòd boule radyo. Apre sa lavalas zoblòd touye jounalis Brignol Lindor, Jean Dominique, Jacques Roche pou anpeche yo pale. Pou tèt krim sa yo le Lavalas zoblòd te komèt ayiti te sou lis peyi predatè laprès. Nou te 189 sou 192 tèlman lavalas boule, kraze radyo e touye jounalis. Lè ou te yon lidè opozisyon ki pat dakò ak Lavalas zoblòd yo, yo te boule lakay ou. Lavalas zoblòd boule kay Gerard Pierre Charles lidè OPL. Lavalas zoblòd boule kay Victor Benoit lidè KONAKOM. Lavalas zoblòd boule kay Luc Mezadieu lidè MOCHRENAH. Lavalas zoblòd boule tou lokal pati politik ki pat dakò. Lavalas zoblòd boule lokal pati politik OPL, KONAKOM, KID ak MDN. Apre ke lavalas desan e fè tout dega ekonomik, sosyal e politik sa yo e mete ayiti sou kaban lopital, pitit lavalas la ki rayil pran pouvwa a an 2006. Pitit Lavalas ki rayi Lavalas rele PREVAL-INITE. Lè INITE monte an 2006 INITE di ke li pa lavalas paske li pa nan koripsyon, INITE di ke li pa nan dwog menm jan ak Lavalas zoblòd. INITE te di tou ke li pat nan volè menm jan ak Lavalas zoblòd yo. INITE ki rayi papa li Aristide zoblòd kenbe li aletranje an ekzil an afrik soti 2006 pou rive 2010. INITE tèlman rayi papa li Aristide zoblòd ke li mete Lavalas deyò nan eleksyon senatoryal 2009 yo. Lè ou gade, menm si INITE pa touye moun menm jan ak Lavalas INITE volè menm jan ak Lavalas. Zoblòd INITE yo piye Petrokaribe. Apre trambleman tè 12 Janvye a jiskaske yo kite pouvwa le 14 Me 2011 zoblòd INITE pa regle anyen pou pep la e peyi a. Zoblòd INITE kite yon peyi ki kraze ak 1.6 milyon ayisien anba tente. Malgre pwopagand ke yap fè zoblòd INITE yo pa kite yon goun nan kès leta. Se sakfè apre le 14 Me 2011 se bank mondyal ak Fon monetè entènasyonal (FMI) ki fè ayiti kado 70 milyon.

Ki kote nou ye?
Oumen’m Tet Kale leve tèt. Leve tèt ou Tèk kale ak fyète. Ou Tèk kale paske ou genyen rèv pou peyi a. Ou Tèt kale paske ou gen yon rèv pou lajenès. Ou tèt kale paske ou genyen yon rèv pou peyizan. Ou tèt kale paske ou genyen yon rèv pou diaspora. Se rèv sa kifè ke ou te leve kanpe wal vote tèt kale le 28 Novamb 2010. Ou tèt kale paske ou kwè nan vote ou pa kwè nan violans. Ou tèt kale paske ou kwè nan tolerans ou pa nan boule kay moun. Nou rive nan yon pwen kote Lavalas zoblòd vle fè koudeta pou yo pran pouvwa ak violans san yo pa respekte règ jwèt demokratik la. Koudeta violans Lavalas zoblòd yo vle pran kontwòl KEP. Koudeta violans Lavalas zoblòd vle pran kontwòl primati san yo pa genyen majorite nan palman. Koudeta violans Lavalas zoblòd vle mete prezidan atè san manda li poko fini yon fason pou yo mete gouvènman tranzisyon ak moun pa yo pou al fè koudeta elektoral. Ou tet kale paske ou pa nan boule lokal pati politik ki pa dakò ak ou. Ou tèt kale paske ou kwè nan prensip dialòg ke demokrasi a mande pou rezoud pwoblèm yo ou pa kwè nan violans anakopopilis Lavalas-MOPOD zoblòd yo. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske depi le 14 Me 2011 wap travay pou konstwui yon peyi ke Lavalas kraze. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske gouvènman tèt kale ap travay pou pèp la 16 zè tan pa jou e li oganize 39 konsèy gouvènman e 38 konsèy des minis depi ke li monte. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske pèp la rekonèt ke tèt kale ap travay e tèt kale gen solisyon e solisyon yo bay anpil rezilta. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske ou se yon moun ki ònèt e ke ou rekonèt ke gen anpil travay ki fèt nan peyi a men nou poko rive kote nou vle rive a. Tèt kale rekonèt ke ou pa kapab rekonstwui nan 36 mwa sa Lavalas kraze nan 20 lane. Ou dwe fyè ke ou tèt kale lè ou gade figi aewopò peyi dayiti ki pwòp. Ou dwe fyè ke ou tèt kale lè ou gade 1.4 milyon timoun ki ale lekòl chak jou ke Lavalas zoblòd te vle kenbe anafalbet. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske genyen 1.5 milyon kretyen vivan ki pa anba tente ankò. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske ou kraze 650 kidnaping pa mwa ou metel a zewo. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske ou ede anpil nan pitit pèp la ke lavalas kite nan grangou nan pwogwam aba grangou, ti manman cheri ak ede pep. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske malgre blokaj senate konze lavalas zoblòd yo wap travay pou monte yon fòs defans pou MINUSTAH kapab ale. Ou dwe fyè ke ou tèt kale paske ou pa nan vole ou kwè nan travay. Se rèv sa ki fè ke oumenm tèt kale ou pral kontinye vote chanjman. Se rèv sa ki fè ke oumenm tèt kale apre anpil mwa pasyans ou bay Prezidan Martelly espas pou li negosye. Oumen’m tèt kale ou te òganize pou vote Martelly men depi 32 mwa ou konstate ke Lavalas, Inite ak asosye anakopopilis zoblòd yo grapiye e volè pouvwa nan palè, nan primati, gouvènman, nan diplomasi, nan depatman yo san yo pa ni ale ni genyen oken eleksyon. Lavalas zoblòd yo ap volè pouvwa nan violans, ak menas violans, entimidasyon, pwopagand manti ke senk jounalis ede yo simaye. Mesye Lavalas yo pè eleksyon paske depi 285 jou 5 senatè Lavalas bloke lwa elektoral la ki te kapab fè ke eleksyon oganize jan règ jwèt demokratik e jan konstitisyon an mandel. Sepanou tèt kale ki responsab ke eleksyon pafèt. Se Lavalas ki depi 285 jou bloke lwa elektoral la ki anpeche ke eleksyon oganize. Se lavalas zoblòd kap simaye violans ak dezòd, bloke lwa elektoral pou fè koudeta paske yo pa kapab genyen eleksyon. Noumenm tèt kale nou pa pran nan koudeta. Lè a rive pou nou pare yon pò kann ak tou foumi pou Lavalas zoblòd yo pou nou montre yo ke nou pa jwe nan defans demokrasi e gouvènman konstitisyonèl peyi dayiti. Si ou vle pouvwa se vote lwa elektroral pou eleksyon. Nou pap kran koudeta nan men lavalas zoblòd. Konstitisyon di aba koudeta. Konstitisyon mande pep la mare tout pouchis Lavalas zoblòd kin an koudeta.

Ki kote nou prale?
Nou rive nan pwen kote 13 Janvye Lavalas zoblòf pral fè koudeta pou yo pran pouvwa ak violans san yo pa respekte règ jwèt demokratik la e konstitisyon peyi nou. Avèk koudeta violans Lavalas zoblòd vle pran kontwol KEP a. Avèk koudeta violans Lavalas zoblòd vle pran kontwòl primati san yo pa genyen majorite nan palman e san yo pa le nan eleksyon. Avèk koudeta violans Lavalas zoblvd vle mete prezidan atè san manda li poko fini yon fason pou yo mete gouvènman tranzisyon ak moun pa yo pou al fè koudeta elektoral pou yo. Jodia noumenm ki tèt kale e ki nan tèt kale e ki mete tèt kale nan pouvwa nou di Abraham di sètase. Jodia baz tèt kale youn pale ak lòt, pare kò nou, tan mo dòd yo. Nou pral tan anakopopilis zoblòd yo nan kafou koudeta a. Nou pral montre Lavalas anakopopilis zoblòd yo ke noumenm lajenès ki vle chanjman, ke noumenm fanm vanayan peyi dayiti, nou pap vale oken koudeta de Lavalas anakopopilis zoblod yo. Nou mande chak katye andedan peyi a e nan diaspora pou nou:
1.     Youn pale ak lòt, youn pran telefòn lòt komanse prepare kò nou
2.     Ranfòse kowòdinasyon aksyon demokratik kont koudeta nan chak katye
3.     Ranfòse kowòdinasyon demokratik kont koudeta nan vil diaspora yo
4.     Veye e idantifye tout Lavalas anakopopilis zoblòd ki nan koudeta kote ou ye a
5.     Pran dispozisyon pou nou anvayi lari a
6.     Tann mo dòd pou soulèvman jeneral kont koudeta lavalas zoblòd yo.
7.     Voye mesaj sa bay tout demokrat ke ou konnen
8.     Wè pa wè lantèman koudeta pou 4hres

No comments: