Sunday, January 25, 2015

Pou ki rezon ke UNICEF, IBESR ak Ministè Afè Sosyal ap pwoteje kadejakè kap abize ti gason ki minè an Ayiti?



Pedofil se yon gason ki majè (Granmoun) avèk violans e fos fè abi seksyèl tankou yon masisi-kadejakè sou ti gason ki minè ki anjeneral ki genyen ant 4 e 15 lane. Zak kriminèl sa domaje fizikman e sikolojikman pou lavi ti gason sa yo ki minè. Zak pedofili sa yo se yon bagay ki ilegal, kriminèl. Se yon abi e maspinay seksyèl ke lalwa kodane e genyen yon konvansyon entènasyonal ki kodane sa e ki mande mete anbakod tout granmoun ki pedofil kap abize ti gason minè. 

Nan peyi dayiti genyen yon lèt ke ansyen minis espo Himler Rebu pibliye nan laprès. Nan lèt sa minis Rebu fè referans a ansyen minis Evans Lescouflair ki sèvi a otorite li kom minis pou li kreye yon estrikti ki pèmèt li ranmassea travè peyi a yon pakèt ti gason ki minè e abize yo seksyèlman. Enstalasyon sa ke Evans Leskouflair kreye pou ke li abize seksyèlman ti gason ki minè se ansyen ranch Jean Claude Duvalier a. Sela ke li mete yo e abize yo. Lè enfomasyon sa parèt sou Nouvelliste genyen anpil papa ak manman ki revolte kont zak kriminèl sa ke minis Evans Lescouflair oganize ak lajan e otorite leta. Sanble tou ke Lescouflair te mete yon rezo blan pou eksplwate e abize seksyèlman ti gason minè sa yo. Nou sonje koman yon jèn gason ki minè te pase sou radyo Vision 2000 pou li te denonse jan Evans Lescouflair te fè kadejak sou li. Bagay sa te endigne anpil moun. Sak rèd la sèke sistèm politik la fè yon kase fèy kouvri sa ansamb ak jounalis ki se zanmi misye sa.

Genyen yon jounalis lavil Okap ki rele Cyrus Sibert kap ankete e konbat zak malonèt e ilegal pedofil yo an Ayiti. Se travay Cyrus ki pèmèt mete anbakod e nan prizon Douglas Perlitz yon pedofil ameriken ki tap abize seksyèlman nan Okap yon pakèt ti gason minè ki te genyen ant 5 e 10 lane. Jodia Douglas Perlitz nan prizon pou anpil tan nan peyi meriken.

Travay Cyrus reyalize nan konba ke lap mennen kont pedofil yo kap kraze e detwui lajenès an ayiti pèmèt nou dekouvri jan rezo pedofil sa recevwa anpil sipo ak pwoteksyon politik. Travay ankèt Cyrus la fè nou dekouvri ke dè nèg tankou Evans Lescouflair pa nan mouvman pedofil la poukont li. Genyen yon estrikti oganize ki genyen ladan li ayisien ak yon seri de pè ak frè ke legliz katolik ameriken mete deyo ki fè pati de rezo eksplwatasyon seksyèl ti gason minè peyi dayiti. Nan rezo sa ou jwen yon oganizasyon ameriken ki rele NAMBLA (North American Man/Boy Love Association) ki se yon oganizasyon ki oganize misyon plizyè kote sou latè kote granmoun gason ameriken (pedofil) sa yo ki renmen fè abi seksyèl ak kadejak sou ti gason minè al defoule yo san lalwa pa menase e pete fyèl yo. Chèf oganizasyon sa rele Tom Reeves. Mouche sa ki se komandan an chèf kadejakè sou ti gason minè se bon zanmi ansyen Prezidan Aristide ki te genyen yon ofelina ki rele Lafanmi Selavi. Se Tom Reeves ki fasilite ke yon asnyen frè kadejakè Legliz katolik ke yo rele Michael Geilenfeld rantre an Ayiti e louvri ak sipo Aristide yon orfelina ki pote nom St Joseph ki chita nan Delma 91. Ankèt jounalis Sibert dekouvri avèk temwanaj ti gason minè sa yo ke pandan 20 lane Michael ak yon rezo de etranje pedofil ki debake nan orfelina sa se kadejakè ki tap abize seksyèlman ti gason minè yo. Tom Reeves ki se chèf Nambla ekri nan testaman li ke tout sal genyen lè li mouri dwe ale jwen Michael Geilenfeld tèlman ke misye te bali pèsonèlman bon sèvis ansamb ak mamb ki nan rezo NAMBLA yo. Ou kapab tcheke sa jounalis Cyrus ekri sou sa. Yon jounalis-blogger Michael Deibert ekri yon liv ki bay anpil detay sou zak malonèt vakabon kriminèl pedofil sa yo. Apre anpil ankèt, jefo, kolekte pwèv ak temwanaj ke Cyrus Sibert chache,  lajistis peyi dayiti mete Michel Geilenfeld anbakod pou tout kadejak ke li fè sou ti gason ki minè. Arete misye e mete li anbakod lajistis pat fasil. Li te jwen anpil pwoteksyon politik nan men Letitiah Aristide. Men kouraj e ankèt jounalis Sibert fè ke yo rive mete kriminèl la anbakod. Yo di ke lap fè anpil demach pou fè nouvo minis la Casimir lagel.

Biografi chèf NAMBLA a Tom Reeves ki se komandan an chèk kadejakè e abi seksyèl sou ti gason minè montre lajè pouvwa politik ke li te genyen nan peyi dayiti. Reeves te zanmi pèsonèl e politik Prezidan Jean Bertrand Aristide ki te bali tout sa li vle. Se Tom Reeves ki envite Aristide nan Rozburry Community College pou vin pale. Li oganize manifestasyon politik pou Aristide. Selon sa anpil ti gason minè yo rakonte se Tom Reeves ki fome Aristide nan zafè teknik kadejakè e kijan pou abize seksyèlman ti gason minè. Ti gason minè sa yo pè anpil paske yo konnen nivo violans kadejakèk pedofil sa yo. Tout kadejakè pedofil sa yo Douglas Perlitz, Tom Reeves ak Michael Geilenfeld se zanmi pèsonèl e entim Aristide. Sa vle di ke kadejakè sa yo te genyen pwoteksyon Aristide ak rezo lokal la avèk yon nèg tankou Lescouflair. Sakrèd la sèke mesye sa yo mete timoun yo nan violans politik tankou kidnaping, touye polisye, boule, kraze.

Mwen mande poukisa UNICEF ak IBESR ap pwoteje kadejakè pedofil sa sa yo an ayiti olye ke yo pwoteje timoun? Map mande mwen poukisa direktè jeneral UNICEF la Anthony Lake pa fè anyen pou ede ti gason minè sa yo jwen jistis? Eske se paske li te parenn mariaj Aristide ke li pa di anyen? Kote Madan Villedrouin de IBESR? Kote Sophia Martelly ki di ke li renmen timoun? Kote Pierre Richard Casimir minis jistis ke rezo kap konbat pedofil gentan sispèk? Eske Casimir pa di anyen paske avoka kap defan pedofil yo soti nan menm kabinè ak li? kote Prezidan Martelly? Lè a rive pou nou mete kadejakè pedofil-masisi sa yo kep fè abi seksyèl sou timoun nan peyi dayiti anbakod. Genyen twop pitit pèp la, twop timoun malere ki viktim e ki domaje pou lavi. Bondye mande nou pou nou leve kanpe e batay pou sa ki pi fèb yo. Timoun, ti gason sa yo pa kpab defan tèt yo kont kriminèl-predatè pedofil sa yo. Senou ki dwe leve kanpe pou defan timoun nou yo ke predatè ap vyole e abize. Si gen lanmou nan kè nou e nou vle defan timoun yo kopye teks sa ak foto a voyel bay tout moun ke nou konnen pa email, sou facebook e sou twitter. Fok nou derasine kriminèl yo kap depafini ak timoun nou yo. Bondye ap apresye sa anpil.

No comments: