Wednesday, December 10, 2014

Lis tantativ koudeta Lavalas-Mopod-Inite pou jete Prezidan Mateli



14 Me 2011: Tantativ pou fizye Prezidan Mateli pandan ke lap prete sèman. Anakopopilis yo koupe kouran andedan palman an jou sa. Plan sete fizye Prezidan Mateli. Sak sove Prezidan Mateli se yon kameraman ki limen limyè ki te sou tèt kamera li. Nou pa bliye. http://www.haitilibre.com/article-2972-haiti-justice-le-black-out-pendant-la-prestation-de-serment-un-acte-de-sabotage.html

27 Jiye 2011: Tantativ Okap pou touye Mateli. Lapolis te gentan mete nèg ke yo te bay fizi M-1 pou fizye Mateli anba kod. Nan deklarasyon ke Moise Jeanchal te fè nan laprès lit e di li pat Okap men li te pale tankou yon moun ki te okouran de tout detay opeasyon sa. http://www.lemonde.fr/ameriques/article/2011/07/27/haiti-tentative-d-attentat-contre-le-president-michel-martelly_1553133_3222.html

26 Fevrye 2012: Yo fabrike yon manti ke Mateli genyen yon paspò ameriken. Fò paspò ameriken ke mesye yo fabrike pou Mateli e ke yo lage sou facebook sou yon kont ki rele Boston Hmi sete paspò meriken yon madanm ke nèg yo te kidnape an ayiti. Kote yo kenbe mesye yo kòm fosè se nan nimewo paspò a. Nimewo a pat korespòn a dat de nesans Prezidan Mateli. Se konsa yo dekouvri fosè yo. Mesye yo te vle sèvi ak sa pou fè sena a ak chamb depite a jete Mateli. Malerezman pou mesye yo tout moun dekouvri ke sete yon montaj. http://professionjournaliste.blogspot.com/2012/02/haiti-us-state-department-confirmed.html?m=1

9 Mas 2012: Moise Jeanchal, Samuel Madistin, Sadrack Dieudonne monte sou radyo pou di ke Prezidan Mateli ak Premye Minis Lamothe bay Jij Jean Serge Joseph pwazon nan yon whisky e touyel. Sadrak Dieudonne sou radyo karayib deklare ke li genyen rezilta otòpsi a ki montre sa. Mesye yo toujou nan lide pou jete Mateli apre pwòpagand yo sou radyo kouri oganize yon fò rapò nan sena a e vote sou li pou mande yon akizasyon pou jete Prezidan Mateli. Yo voye akizasyon sa nan chamb depite a. Pèsòn pa wè ke safèt ilegalman san ke sena pat gen 2 tyè ke konstitisyon mande pou yon vòt konsa. Tout moun pral dekouvri apre ke sete yon montaj. Sadrack Dieudonne pat genyen rezilta otòpsi a toutbon. Se manti ke li tap bay sou radyo paske otòpsi pòtko fèt. Lè otòpsi fèt yo dekouvri ke mesye sa yo te nan manti paske yo dekouvri ke non sèlman pat gen pwazon men jij la mouri de yon lanmò natirèl. Koudeta sa kit e chita sou manti echwe. http://radiokiskeya.com/spip.php?article8626

4 Novamb 2013: Prezidan sena a Simon Desras ekri kolèg li prezidan sena Chili a kote li mande li tanpri mete solda chilien ki nan MINUSTAH a la dispòzisyon li pou li kapab jete Prezidan Mateli. Prezidan sena Chili ekri e repon kote li di Simon Desras ke li pa kapab fèsa e lalwa entònasyonal pa pèmèt li rantre nan zafè politik entènn yon lòt peyi. http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/124682/Dieuseul-Simon-Desras-ecrit-au-president-du-Parlement-chilien

18 Novamb 2014: Mesye yo al fè montaj nan manifestasyon pou gade si yo te kapab jete Mateli. Anèl Belizè ak sekirite John Joel Joseph ki travay nan sena a al tire sou manifestan yo. Apre sa yo kouri nan radyo kote yo di ke se gouvènman Mateli a kap tire sou manifestan yo. Erezman pou peyi a, yo kenbe Arnel Belizaire ak mesye sa yo nan montaj e nan manti ke yo fè kont gouvènman Mateli a akòz de foto e video ki pibliye e ki montre ke se yo ki tap tire sou manifestan yo. Anèl Belizaire ki wè ke yo kenbeli nan zak violans sa yo kouri sou radyo Metropole poul di ke se pat limenm ki tire sou manifestan yo. Anel di ke se yon ekip ki nan sekirite sena e ki te genyen mayo wouj sou yo ki tap tire sou manifestan yo. Anel bliye pwovèb kreyol ki di “Moun ki di men koulèv la, se li ki touye-l.”  http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=25356  

9 Desamb 2014: Mateli mete yon komisyon pou reflechi kisa ki ta dwe fèt ak pwopozisyon tout pati e sektè ke li rankontre yo pou ke lwa elektoral ki nan sena depi 256 jou vote pou eleksyon papab fèt. Komisyon an ekri yon rapo kote li vle elimine pouvwa ekzekitif la, pouvwa jidisyè a, pouvwa lejislatif la, mande KEP ale pou yo menm kapab pran pouvwa a nan men Mateli. Wa di se yon koudeta key o pwopoze. Genyen anpil moun nan komisyon sa ki vle pouvwa. http://radiokiskeya.com/spip.php?article10298

10 Desamb 2014: Yon platfom ki rele tèt li pitit Dessalineski gen ladanl senatè Moise Jeanchal sèmante ke fok li reyisi koudeta pou jete Prezidan Mateli. Senatè Moise Jeanchal di ke li pap vote lwa elektoral ke chamb depite a vote depi 1 Avril e ki nan men li depi 256 jou. http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=25513

10 Desamb 2014: Jiskaprezan moun ki nan violans yo Mopod-Inite-Lavalas nan lari a men yo poko ka jwen fomil ak mwayen pou fè koudeta a pou jete Prezidan Mateli. 

No comments: