Saturday, December 6, 2014

AYITI: KISA OPERASYON BOUKINAFASO YE?


Operasyon Boukinafaso se yon operasyon violans ki gen pou objektif kraze peyi. Operasyon Boukinafaso se yon operasyon violans pou reyalize yon koudeta paske anakopopilis yo pè ale devan pèp pou mande yo vote yo nan eleksyon. Operasyon Boukinafaso se yon katastrof ekonomik pou malere ak malerèz kap degaje yo nan lari a. Men'm jan ak operasyon Bagadad, Operasyon Pakatan'n, Operasyon ke yo rele operasyon Boukinafaso rantre nan kategori operasyon kraze pèp e kraze peyi. 


Yo pran nou tout pou enbesil tankou Bouki nan bèso. Epok sa, sa vle di fen mwa Novamb e debi mwa Desamb, se lè ak moman ke moun ki nan diaspora ap ranje ko yo pou yo vizite peyi dayiti pou epok fèt yo. Nan epok sa diaspora depanse 300 milyon dola nan peyi a nan lotèl, nan achte manje, achte kado e fè woulman ak fanmi yo. Jodia lè MOPOD ak Lavalas voye signal ke yap kraze e boule peyi, lè yo voye mesaj violans sa yo, yo voye yon mesaj klè pou di moun ki nan diaspora a rete kote nou ye a pa vin depanse lajan nan peyi a.

Kidonk Operasyon Boukinafaso voye yon mesaj klè nan kraze biznis ak woulman ti machann, nan pete fyèl malere ak malerèz kap degaje yo nan lari a. Operasyon Boukinafaso fè ti machann yo ak malere kap travay pèdi lajan paske gen mwens moun kap achte e depanse nan lari a. Etranje ki te planifye pou vini depanse Ayiti pou fèt yo pap mete pye. Yon lot fwa operasyon Boukinafaso ap kraze ekonomi peyi a. Akoz de operasyon Boukinafaso peyi a pèdi onivo entènn plis pase 350 milyon dola. Nou pap pale de lajan meriken ki stoke e kapral lot kote akoz de ensekirite e violans anakopopilis yo. Etranje ki te gen lide vini pou envesti nan peyi dayiti kanpe lwen akoz de violans anakopopilis yo. Operasyon Boukinafaso se yon krim ekonomik e politik anakopopilis ki pè eleksyon kont ti machan, malerèz ak malere kap degaje yo. Operasyon Boukinafaso se yon operasyon kap kraze pèp e kap mete plis moun nan mizè. Operasyon Boukinafaso se yon katastrof ekonomik ke anakopopilis yo pote pou pep la kom kado nwèl. Sanble ke doktè Aristide se nan operasyon violans sa yo sèlman ke li bon. Qui dit le contraire?

No comments: