Assad Volcy se yon kidnapè timoun lekol ke komisè Claudy
Gassant te voye arete. Gade li kap esaye sèvi ak kadav yon militan pou fè
kapital politik li komsi nap bliye krim kidnaping li yo. Se komsi plis gen
kadav se plis anakopopilis yo kontan. Yo montre klèman ke yo bezwen yon pil
kadav pou reyalize koudeta. Se sa wi ki lavalas yo. Assad ap sèvi ak kadav yon
jèn ke limenm responsab lanmo li pou fè promosyon tèt li. Safè mwen anvi vomi.
Nèg yo mete politik peyi a nan yon bwat fatra pouri ki santi move. Gade Assad
kap poze sou kadav yon militan ke li pa respekte. Li pa respekte diyite moun,
li pa respekte diyite kadav la. Lè yon moun mouri ou bese tèt ou pou lapriyè e
mande Bondye recevwa nanm moun sa nan syèl la. Assad kanpe e pran foto nan poze
devan kadav la ke li pa respekte. Nan foto sa li do, gade jan mwen shèlbè. Lap
poze tankou se postè fèt nwèl li ke li pral distribye. Sak rèd la, menm listwa
peyi nou anakopopilis yo vle sal. Se kidnapè anakopopilis sa yo kap rele tèt yo
pitit Dessalines? Ki kote peyi prale ak kidnapè sa yo ki pa respekte anyen.
Menm kadav yo pa respekte. Lajenès peyi estomake devan ekip lavalas kanzo sa yo. Manman pitit veye zo nou ak politisyen anakopopilis kap chache kadav jèn nan lari a pou regle zafè politik yo. Papa pitit di pitit ou ki jèn gason ou ki jèn fanm fè atansyon ak politisyen anakopopilis ki bezwen lage yo atè nan san pou al fè kapaital politik ak kadav yo.
Si ou vle okouran toutbon de sakap pase nan zafè politik peyi dayiti se sou Zen Politik Ayiti pou'w afilye
Showing posts with label #JeanBertrandAristide. Show all posts
Showing posts with label #JeanBertrandAristide. Show all posts
Monday, December 22, 2014
Wednesday, December 10, 2014
Lis tantativ koudeta Lavalas-Mopod-Inite pou jete Prezidan Mateli
14 Me 2011:
Tantativ pou fizye Prezidan Mateli pandan ke lap prete sèman. Anakopopilis yo
koupe kouran andedan palman an jou sa. Plan sete fizye Prezidan Mateli. Sak
sove Prezidan Mateli se yon kameraman ki limen limyè ki te sou tèt kamera li.
Nou pa bliye. http://www.haitilibre.com/article-2972-haiti-justice-le-black-out-pendant-la-prestation-de-serment-un-acte-de-sabotage.html
27 Jiye 2011:
Tantativ Okap pou touye Mateli. Lapolis te gentan mete nèg ke yo te bay fizi
M-1 pou fizye Mateli anba kod. Nan deklarasyon ke Moise Jeanchal te fè nan laprès
lit e di li pat Okap men li te pale tankou yon moun ki te okouran de tout detay
opeasyon sa. http://www.lemonde.fr/ameriques/article/2011/07/27/haiti-tentative-d-attentat-contre-le-president-michel-martelly_1553133_3222.html
26 Fevrye 2012:
Yo fabrike yon manti ke Mateli genyen yon paspò ameriken. Fò paspò ameriken ke
mesye yo fabrike pou Mateli e ke yo lage sou facebook sou yon kont ki rele
Boston Hmi sete paspò meriken yon madanm ke nèg yo te kidnape an ayiti. Kote yo
kenbe mesye yo kòm fosè se nan nimewo paspò a. Nimewo a pat korespòn a dat de
nesans Prezidan Mateli. Se konsa yo dekouvri fosè yo. Mesye yo te vle sèvi ak
sa pou fè sena a ak chamb depite a jete Mateli. Malerezman pou mesye yo tout
moun dekouvri ke sete yon montaj. http://professionjournaliste.blogspot.com/2012/02/haiti-us-state-department-confirmed.html?m=1
9 Mas 2012:
Moise Jeanchal, Samuel Madistin, Sadrack Dieudonne monte sou radyo pou di ke
Prezidan Mateli ak Premye Minis Lamothe bay Jij Jean Serge Joseph pwazon nan
yon whisky e touyel. Sadrak Dieudonne sou radyo karayib deklare ke li genyen
rezilta otòpsi a ki montre sa. Mesye yo toujou nan lide pou jete Mateli apre pwòpagand
yo sou radyo kouri oganize yon fò rapò nan sena a e vote sou li pou mande yon
akizasyon pou jete Prezidan Mateli. Yo voye akizasyon sa nan chamb depite a. Pèsòn
pa wè ke safèt ilegalman san ke sena pat gen 2 tyè ke konstitisyon mande pou
yon vòt konsa. Tout moun pral dekouvri apre ke sete yon montaj. Sadrack Dieudonne
pat genyen rezilta otòpsi a toutbon. Se manti ke li tap bay sou radyo paske otòpsi
pòtko fèt. Lè otòpsi fèt yo dekouvri ke mesye sa yo te nan manti paske yo
dekouvri ke non sèlman pat gen pwazon men jij la mouri de yon lanmò natirèl.
Koudeta sa kit e chita sou manti echwe. http://radiokiskeya.com/spip.php?article8626
4 Novamb 2013:
Prezidan sena a Simon Desras ekri kolèg li prezidan sena Chili a kote li mande
li tanpri mete solda chilien ki nan MINUSTAH a la dispòzisyon li pou li kapab
jete Prezidan Mateli. Prezidan sena Chili ekri e repon kote li di Simon Desras
ke li pa kapab fèsa e lalwa entònasyonal pa pèmèt li rantre nan zafè politik
entènn yon lòt peyi. http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/124682/Dieuseul-Simon-Desras-ecrit-au-president-du-Parlement-chilien
18 Novamb 2014:
Mesye yo al fè montaj nan manifestasyon pou gade si yo te kapab jete Mateli. Anèl
Belizè ak sekirite John Joel Joseph ki travay nan sena a al tire sou manifestan
yo. Apre sa yo kouri nan radyo kote yo di ke se gouvènman Mateli a kap tire sou
manifestan yo. Erezman pou peyi a, yo kenbe Arnel Belizaire ak mesye sa yo nan
montaj e nan manti ke yo fè kont gouvènman Mateli a akòz de foto e video ki
pibliye e ki montre ke se yo ki tap tire sou manifestan yo. Anèl Belizaire ki wè
ke yo kenbeli nan zak violans sa yo kouri sou radyo Metropole poul di ke se pat
limenm ki tire sou manifestan yo. Anel di ke se yon ekip ki nan sekirite sena e
ki te genyen mayo wouj sou yo ki tap tire sou manifestan yo. Anel bliye pwovèb
kreyol ki di “Moun ki di men koulèv la, se li ki touye-l.” http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=25356
9 Desamb 2014:
Mateli mete yon komisyon pou reflechi kisa ki ta dwe fèt ak pwopozisyon tout
pati e sektè ke li rankontre yo pou ke lwa elektoral ki nan sena depi 256 jou
vote pou eleksyon papab fèt. Komisyon an ekri yon rapo kote li vle elimine
pouvwa ekzekitif la, pouvwa jidisyè a, pouvwa lejislatif la, mande KEP ale pou
yo menm kapab pran pouvwa a nan men Mateli. Wa di se yon koudeta key o pwopoze.
Genyen anpil moun nan komisyon sa ki vle pouvwa. http://radiokiskeya.com/spip.php?article10298
10 Desamb 2014:
Yon platfom ki rele tèt li pitit Dessalineski gen ladanl senatè Moise Jeanchal sèmante
ke fok li reyisi koudeta pou jete Prezidan Mateli. Senatè Moise Jeanchal di ke
li pap vote lwa elektoral ke chamb depite a vote depi 1 Avril e ki nan men li
depi 256 jou. http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=25513
10 Desamb 2014:
Jiskaprezan moun ki nan violans yo Mopod-Inite-Lavalas nan lari a men yo poko
ka jwen fomil ak mwayen pou fè koudeta a pou jete Prezidan Mateli.
Saturday, December 6, 2014
AYITI: KISA OPERASYON BOUKINAFASO YE?
Operasyon Boukinafaso se yon operasyon violans ki gen pou objektif kraze peyi. Operasyon Boukinafaso se yon operasyon violans pou reyalize yon koudeta paske anakopopilis yo pè ale devan pèp pou mande yo vote yo nan eleksyon. Operasyon Boukinafaso se yon katastrof ekonomik pou malere ak malerèz kap degaje yo nan lari a. Men'm jan ak operasyon Bagadad, Operasyon Pakatan'n, Operasyon ke yo rele operasyon Boukinafaso rantre nan kategori operasyon kraze pèp e kraze peyi.
Yo pran nou tout pou enbesil tankou Bouki nan bèso. Epok sa, sa vle di fen mwa Novamb e debi mwa Desamb, se lè ak moman ke moun ki nan diaspora ap ranje ko yo pou yo vizite peyi dayiti pou epok fèt yo. Nan epok sa diaspora depanse 300 milyon dola nan peyi a nan lotèl, nan achte manje, achte kado e fè woulman ak fanmi yo. Jodia lè MOPOD ak Lavalas voye signal ke yap kraze e boule peyi, lè yo voye mesaj violans sa yo, yo voye yon mesaj klè pou di moun ki nan diaspora a rete kote nou ye a pa vin depanse lajan nan peyi a.
Kidonk Operasyon Boukinafaso voye yon mesaj klè nan kraze biznis ak woulman ti machann, nan pete fyèl malere ak malerèz kap degaje yo nan lari a. Operasyon Boukinafaso fè ti machann yo ak malere kap travay pèdi lajan paske gen mwens moun kap achte e depanse nan lari a. Etranje ki te planifye pou vini depanse Ayiti pou fèt yo pap mete pye. Yon lot fwa operasyon Boukinafaso ap kraze ekonomi peyi a. Akoz de operasyon Boukinafaso peyi a pèdi onivo entènn plis pase 350 milyon dola. Nou pap pale de lajan meriken ki stoke e kapral lot kote akoz de ensekirite e violans anakopopilis yo. Etranje ki te gen lide vini pou envesti nan peyi dayiti kanpe lwen akoz de violans anakopopilis yo. Operasyon Boukinafaso se yon krim ekonomik e politik anakopopilis ki pè eleksyon kont ti machan, malerèz ak malere kap degaje yo. Operasyon Boukinafaso se yon operasyon kap kraze pèp e kap mete plis moun nan mizè. Operasyon Boukinafaso se yon katastrof ekonomik ke anakopopilis yo pote pou pep la kom kado nwèl. Sanble ke doktè Aristide se nan operasyon violans sa yo sèlman ke li bon. Qui dit le contraire?
Kidonk Operasyon Boukinafaso voye yon mesaj klè nan kraze biznis ak woulman ti machann, nan pete fyèl malere ak malerèz kap degaje yo nan lari a. Operasyon Boukinafaso fè ti machann yo ak malere kap travay pèdi lajan paske gen mwens moun kap achte e depanse nan lari a. Etranje ki te planifye pou vini depanse Ayiti pou fèt yo pap mete pye. Yon lot fwa operasyon Boukinafaso ap kraze ekonomi peyi a. Akoz de operasyon Boukinafaso peyi a pèdi onivo entènn plis pase 350 milyon dola. Nou pap pale de lajan meriken ki stoke e kapral lot kote akoz de ensekirite e violans anakopopilis yo. Etranje ki te gen lide vini pou envesti nan peyi dayiti kanpe lwen akoz de violans anakopopilis yo. Operasyon Boukinafaso se yon krim ekonomik e politik anakopopilis ki pè eleksyon kont ti machan, malerèz ak malere kap degaje yo. Operasyon Boukinafaso se yon operasyon kap kraze pèp e kap mete plis moun nan mizè. Operasyon Boukinafaso se yon katastrof ekonomik ke anakopopilis yo pote pou pep la kom kado nwèl. Sanble ke doktè Aristide se nan operasyon violans sa yo sèlman ke li bon. Qui dit le contraire?
Subscribe to:
Posts (Atom)





